Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Jovenel Moïse mande solidarite tout kouch nan sosyete a pou lite kont kowonaviris

Jovenel Moïse a défendu son mandat et acculé l'opposition devant l'ONU

Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse te pale jodia sou paj Facebook li ak lòt paj sou rezo sosyal la, yon fason pou sansibilize popilasyon kont kowonaviris la.

Nan kòmansman lapawòl li yo, si Jovenel Moïse kwè sitiyasyon an enkyetan lè n konsidere dènye chif MSPP yo, chèf Leta ki konteste pa  opozisyon an ak anpil estrikti nan sosyete sivil la, vante merit peyi a ki se yon pami kèk lòt teritwa ki te pi byen jere premye vag  kowonaviris la.

Fas ak monte ka yo epi 2 varyan yo MSPP di li detekte sou teritwa a, nan sans sa Jovenel Moïse enfòme li gouvènman li an renouvle eta dijans sanitè a pou 15 jou. Li tou profite felisite premye minis a.i Doktè Claude Joseph ak selil syantifik la ki kontinye travay epi pèmet gouvèman an pran desizyon pou renouvle eta dijans sanitè a.

Nan eta dijans sanitè a, Kouvrefe a toujou kenbe. Jovenel Moïse mande konkou lapolis, ministè enteryè ak lòt antite nan Leta a pou fè popilasyon an respekte règ gouvènman an mete an plas yo.

Jovenel Moïse te mete aksan tou sou mask yo, lavaj men epi distans fizil yo . Li te pwofite voye yon mesaj espesyal bay chofè kamyonèt pou di yo mete mask, mache ak alkòl pou flite men yo paske y ap pran kòb nan men moun. Se te sanse prèske menm mesaj la pou madan sara yo.

Jovenel Moïse konseye ak popilasyon an pou pa soti si yo pa gen bezwen epi mande ak sitwayen yo mete an pratik tout dispozisyon otorite yo pran. Se te okazyon pou prezidan Moïse voye yon panse espesyal ak pèsonèl medikal la pou di yo li konnen yo gen prim yo poko touche epi mande ak minis finans li pou pran sa an chaj pou jere sa.

Jovenel Moïse mande konkou tout moun

Fas ak kriz sanitè sa, Jovenel Moïse mande solidarite tout kouch tankou atis yo, moun ki nan opozisyon, nan pouvwa , sosyete sivil , ONG elatriye. Li mande yo fè yon chenn solidarite pou goumen kont kowona paske maladi a frape tout moun li pa bezwen konn ki kote w kanpe ni ki ran sosyal ou .

Malgre Jovenel Moïse t ap abòde koze kowonaviris, li te pwofite de moman an pou pale sou koze chanjman konstitisyon an ki pa sispann kreye deba ak pale anpil chak jou ki jou.

Jovenel Moïse nan deklarasyon l yo fè konnen konstitisyon an pa konstitisyon l jan kèk moun toujou ap mansyone sa men pito yon nouvel konstitisyon pou peyi a, paske daprè li peyi sa bezwen yon nouvel konstitisyon, si se te konstitisyon Jovenel Moïse se dekrè li t ap pran pou mete yon nouvel konstitisyon. Li fè konnen li te toujou konn di l nan kanpay li ke peyi a p ap ka kontinye ak konstitisyon 1987 la.

Jovenel Moïse kritike gwoup moun ki senpman toujou ap di sa pa bon. Men, li konseye yo pito pou yo pwopoze .

N ap raple w nan dènye kominike chif MSPP yo, gen 220 nouvo ka, 2 moun mouri. Chif yo pa sispann ogmante ki kòmanse kreye kè sote kay anpil fanmi ayisyènn.

Jovenel Moïse a défendu son mandat et acculé l'opposition devant l'ONU

Dekouvri plis:

L’équipe Angelus remporte le concours “d’idée de projet” organisé par le CLES du Collège Dominique Savio

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu