Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

Jude Célestin sort de son mutisme pour condamner les atrocités dans le quartier de La Saline.

Nous publions la note intégrale de l’ancien candidat à la présidence adressée à la rédaction de Juno7

Lasaline se Ayiti.-
Pitit Ayiti ki Lasaline yo kouraj

Malgre mouche leta kite pil fatra bare kay yo sa pa anpeche anpil pitit pèp la viv Lasaline, sa pa anpeche anpil moun save soti Lasaline sa pa anpeche anpil timoun al lekòl Lasaline pou vinn sèvi peyi yo demen.

Malgre tout kont mal taye pou ti trip vale gwo trip kamarad Lasaline yo sa pa anpeche yo batay chak jou pou yon pi bèl Ayiti nan fòse Leta rann kont sou responsablite li genyen pou devlope peyi a.

Grangou represyon ak dezolasyon se kout mi nan domino pou fòse moun Lasaline tankou rès peyi a femen je sou gaspiyaj ki fèt pandan pèp la ap viv nan malsite.

Mwen koube m devan viktim gwo masak sa ki sanble tèt koupe ak represyon pou kase fòs batay popilè a ki sanble tout bon vre soti pou pran bon direksyon. Mwen pataje doulè fanmi yo ki te deja nan grangou 75 goud pou yon grenn dola vèt pandan map mande yo rete vijilan.

Nou mande responsab yo Tanpri mete fen nan masak sa e mande òganis dwa moun yo pran nòt
Nou anpil
Nou detèmine
Yo pap ka touye nou tout.

Jude Celestin

Plus de contenu

Edikasyon

MENFP kondane tout zak kraze brize kont lekòl ak inivèsite. Nan yon nòt li mete deyò, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl di li...

Actualités

Le Haut-Commissariat des Nations-Unies aux droits de l’homme appelle à une action immédiate pour faire face à la crise qui prévaut en Haïti. Dans...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon jèn ayisyen ekri yon Koleksyon liv kreyòl 4 nivo pou fasilite etranje ak ayisyen ki fèt nan lòt peyi aprann lang kreyòl. Lot...

Actualités

Le gouvernement américain va faire un don de 10 millions de dollars à la PNH en armes et munitions C’est peut être un tournant...