Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kanaval/Desdunes: yon kamyon ki t ap kreye plezi rantre sou foul la epi lakoz 5 moun mouri sou plas

Kanaval/Desdunes: yon kamyon ki t ap kreye plezi rantre sou foul la epi lakoz 5 moun mouri sou plas

Kanaval/Desdunes: yon kamyon ki t ap kreye plezi rantre sou moun yo epi lakoz 5 moun mouri sou plas ak plizyè blese.

Òganizasyon Stop-Accidents rapòte sou paj li yon kamyon ki t ap kreye animasyon nan komin Desdunes nan depatman Latibonit arive  pèdi fren epi degringole sou foul ki t ap pran plezi a. Sa ki lakoz 5 moun mouri sou plas ak plizyè lòt blese. 

Anndan videyo amatè sa ki dire yon minit nou ka remake kamyon sa ki t ap kreye animasyon nan lari a ki prèske fè nwa epi arive pati rantre sou moun yo. Atravè videyo sa, yon kanavalye sou chòk rele: “woy moun mouri moun mouri”.

Aprè sa anpil rele anndan videyo kote moun yo panike. Poko gen twòp enfòmasyon sou sa ki ta lakoz kamyon sa pèdi fren epi rantre sou moun yo. Toutfwa, Stop-Accidents ki gen pou  abitid drese lis aksidan ki fèt nan peyi a mande moun k ap kondi yo pa bwè pou evite aksidan pandan l fè pwofite pataje lapèn paran moun ki viktim yo.

Poko gen lòt chif pou konnen si gen plis moun mouri ak kantite blese ki anrejistre aprè ensidan sa.

N ap siyale Desdunes sitiye l a 150 kilomèt Nò kapital la. Li gen yon popilasyon ki estima a 33 672 abitan selon done ki te disponib an 2009. 

Depi dimanch pase anpil kote nan peyi a fè kanaval pa yo jan gouvènman an te anonse sa. Pòtoprens te gen kanaval pa l, Jakmèl, Okap ak Ench kote ki te gen plis gwo gwoup mizikal ki t ap kreye animasyon.

Kanaval/Desdunes: yon kamyon ki t ap kreye plezi rantre sou foul la epi lakoz 5 moun mouri sou plas

Dekouvri plis:

Un commissaire de police assassiné à Tabarre ce mardi

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Dimanch 6 desann lan, nan vil Pòdepè pandan l t ap patisipe nan yon festival anndan vil sa, prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, anonse...

Actualités

STOP-Accidents confirme avoir enregistré 9 morts et 68 blessés dus aux accidents de la route en l’espace d’une semaine. Comme chaque début de semaine,...

Actualités

Chaque semaine, le nombre de personnes victimes d’accidents de circulation en Haïti continue de prouver le niveau de vulnérabilité des usagers de la route....

Société

Pas moins de 15 mille dollars américains ont été récoltés ce dimanche 20 octobre à Boston lors d’une soirée de gala organisée par l’UPAD,...