Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kèk chofè plenyen pou gaz ki ra nan ponp yo epi y ap peye l atè a byen chè

Kèk chofè plenyen pou gaz ki ra nan ponp yo epi y ap peye l atè a byen chè
Getting your Trinity Audio player ready...

Kèk chofè machin ak motosiklèt plenyen pou gaz ki ra anba ponp yo epi y ap jwenn li tou prè ponp yo byen chè.

Depi plizyè jou, se yon kastèt pou anpil chofè machin ak motosiklèt  jwenn gaz anba ponp yo. Liy lan byen long, galon jòn fè kenken, goumen konn prèske pete, si w pa pasyan ou ka soti blanch oubyen si mal chans pou ou, yo di w gaz fini.

Maten an repòtè Juno7 yo remake nan kèk ponp foul moun kanpe ap tann gaz. Nan ti pwoche pale ak yo anpil ap plenyen kouman chak tan fè pa gen gaz pou mete nan machin yo epi tou prè menm ponp sa ki pa gen gaz la gen yon moun k ap vann li nan doum ak bokit.

Sa ki fè anpil chofè ki bezwen sitou gazolin lan anvayi moun sa yo ki ak bokit, doum k ap vann gaz sa. Nan ale achte gaz nan men moun ki atè a, pri yo varye selon sa kèk chofè rapòte nou. Gen moun ki vann gazolin lan 500 goud jiska 750 goud. Yon konpòtman anpil moun kritike paske daprè yo sa ap pase anba je otorite yo ki pa di anyen nan sa.

Malgre “Pénurie gaz” nou ka oze di ki genyen nan ponp yo pri galon an toujou rete menm jan an ki se 200 goud. Men, jwenn yon galon konsa anba ponp lan se anpil mizè. Pou sèten chofè, yo pwente dwèt yo byen long  sou ponp yo, yo di ki aksepte bay moun atè yo gaz la pou vann byen chè ki daprè yo se yon estrateji pou yo fè plis lajan sou gaz la.

Pasaje ap peye po kase

Rate gaz sa ki sanble genyen anba ponp yo gen gwo repèkisyon sou lajan pasaje yo. Pri kous yo varye jan yo vle, monte moto mande pou w gen plis mwayen nan pòch ou tou.

Yon repòtè jounal la fè eksperyans ak yon chofè moto ki pran l Lali anba limyè a mete l Petyonvil bò ansyen simityè a, chofè a pran 300 goud nan men l pandan  oparavan kous sa te ant 150 a 200 goud sa depann de chofè w ap negosye a. Chofè sa ki pran 300 goud nan men repòtè a deklare se paske li difisil pou l jwenn gaz epi li achte l pi chè atè a.

Se prèske menm ka figi a pou chofè kamyonèt, bis ak machin k ap fè pwovens. Maten ou ka peye kous la 15 goud epi pita li 25 goud. Eskiz chofè yo jwenn se rate gaz la, lè konsa pasaje yo oblije koube fas ak desizyon chofè a ki ta vle parèt gwo ponyèt men ki fini pa aksepte paske gen yon fenomèn rate gaz moun pa an mezi fin konprann.

Ta sipoze gen gazolin wikenn sa

Nan yon atik jounal Le Nouvelliste, kotidyen an fè konnen selon yon sous gen  kob pou peye gazolin ki ap dekese nan BRH, si pèman fèt jodia, gazolin lan ta sipoze pote wikenn sa.

Fenomèn rate gaz sa vin tounen yon abitid pou nou kote chak vire tounen nou fè 8 a 15 jou san gaz , nou pran liy, goumen ak galon jòn, monte kous, plenyen epi apre gaz vini nou retounen nan nòmal la. Kesyon moun kapab poze kilè pwoblèm sa ap sispann? Repons lan nan men otorite konsène yo.

Kèk chofè plenyen pou gaz ki ra nan ponp yo epi y ap peye l atè a byen chè

Dekouvri plis

Asasinay Jovenel Moïse : anpil sitwayen mache nan vil Trou Di Nò  pou mande jistis pou prezidan an

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu