Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kèk sitwayen fè 7 tou Palè nasyonal pou chase move lespri yo di ki kenbe Prezidan an

Kèk sitwayen fè 7 tou Palè nasyonal pou chase move lespri yo di ki kenbe Prezidan an

Yon ti gwoup militan fè 7 tou palè nasyonal jodi mèkredi 7 avril 2021 an, nan lide selon sa yo di pou chase tout vye lespri ki kenbe Jovenel Moïse nan palè nasyonal la.

Yon seremoni ki te dewoule anba anpil entèpelasyon mistik. Militan yo te trase vèvè, liminen pou rele espri zansèt yo pou mande yo konkou pou yo sòti viktorye nan batay kont pouvwa an plas la. Aprè seremoni mistik la, sitwayen yo te reyini an gwoup pou kòmanse mache pou fè 7 tou palè a. Yon aktivite ki pa t reyini anpil moun, men sa pa t anpeche yo rete mobilize pou fè 7 tou sa.

Toussaint Claude, responsab estrikti “Veye anwo veye anba”, ki se youn nan inisyatè 7 tou sa te pran lapawòl pou eksplike rezon ki fè yo òganize aktivite sa, epi te pwofite voye yon mesaj bay relijyon pou lapè daprè militan an ki pa gen kalite moral pou l vin jwe wòl medyatè nan kriz k ap ravaje peyi a.

“Nou nan lari a nan lide pou nou kapab envoke lespri zansèt nou yo, lespri gran mèt la, lespri ki fè tè a ak syèl la jan Boukman te di l la, se pou yo vin akonpanye nou pou nou dechouke Jovenel Moïse sou pouvwa a, ki se yon sitwayen ki posede de yon vye lespri ki bwè san. Pou sa n ap mande lespri yo pou ba nou fòs ak detèminasyon pou nou kontinye batay kont kriminèl sa yo”, daprè eksplikasyon Claude Toussaint.

“N ap voye tou yon mesaj bay relijyon pou lapè ki di li bezwen jwe wòl mitan jwèt. N ap fè relijyon pou lapè konnen, li pa gen kalite moral pou li jwe wòl sa nan kriz k ap pase la. Lè moun lasalin ap mouri, lè gagòt administratif l ap fèt nan leta, yo pa t la. Se pa kounya pou yo vin bezwen fè kòb pou y ap vin jwe wòl mitan jwèt. Dayè nou pa rekonèt Jovenel Moïse kòm prezidan anndan peyi a ankò”, Pawòl responsab estrikti”Veye anwo veye anba”.

Militan sa yo aprè mouvman sa di y ap kontinye rete mobilize nan lari a jiskaske Jovenel Moïse pran konsyans pou l kite palè a. Mobilizasyon san avètisman se pwochèn faz batay la, daprè militan sa yo.

Fòk nou siyale tou, pandan 7 tou sa, anpil nan militan yo te deside boule kawotchou, tire wòch pou kraze anpil vit machin sou Channmas la. Sa ki te lakoz yon sitiyasyon panik sou Channmas la.

Dekouvri plis:

Offrande florale au pied du monument de Toussaint Louverture

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Nécrologie

Les funérailles du président Jovenel Moïse auront lieu le 23 juillet Le ministre de la culture et de la communication Pradel Henriquez a annoncé,...

Politique

DIRPOD, En Avant, MTVAYITI, ENTENTE, FND et Organisation Tèt Ansanm des structures de l’opposition proposent un départ ordonné du président et l’établissement d’un gouvernement...

Aktyalite AN KREYÒL

Abel Loreston melanje ak kèk lòt militan anonse nan mikwo laprès yon lòt 7 tou palè nasyonal k ap fèt demen mèkredi 14 avril...

Politique

“Jovenel Moïse est un obstacle à l’organisation des élections”,dixit André Michel, en réponse au Département d’État Américain La dernière position du Département d’Etat Américain...