Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kenbe Diyite ak entegrite a, pa pran plezi nan pataje foto chokan sa yo

Gang ame pran yon kamyon SNGRS nan zòn Douya

Touswit aprè match Brezil fas Ajantin lan fin fini, plizyè foto chokan kadav la ak kek lòt ki sanble ak otopsi kò prezidan repiblik la kòmanse sikile sou tout rezo a.

Foto sa yo ki parèt chokan pou anpil moun pa sispann kreye deba, simaye tankou lafimen…

Kiyès ki fè foto yo? Kiyès ki te la nan moman an? Poukisa se aprè defèt Brezil la foto chokan sa yo vini? Èske pa t gen siveyans pou okenn ti detay pa fuite nan moman an? Se plizyè kesyon moun kapab poze.

Se vre foto a getan deyò, mal la deja fèt. Men, sa p ap anpeche redaksyon Juno7 la mande ak entènot yo sispann pataje foto kò a, siprime l si l sou telefòn ou menm kan telefòn lan rele w pa w. Jès sa se jis pou n kenbe diyite ak entegrite a.

Lakay nou isit nou pa respekte kadav moun, nou simaye foto jan nou vle. Men nou ka mande si n janm wè foto rès kò Coby ak pitit li, nou ka di tou menm pil foto Cristian Ericksen nou pa t wè lè li te sot tonbe sou teren foutbòl la nan match Dànmak fas Fennlann. Se paske anpil etranje kiltive lakay yo respè ak diyite pou moun.

An n kanpe sou sikilasyon foto chokan sa yo! An n eseye kiltive lakay nou diyite ak respè pou kadav moun, Kèlkeswa moun li ye a.

Mise au point autour du dossier de Anne Louise Mesadieu (@AL_Mesadieu).- Juno7

Dekouvri plis:

Haiti – Etat de siège : la PNH rappelle que toute manifestation est interdite sur la voie publique

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu