Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kenneth Merten kritike konpòtman iresponsab politisyen ayisyen yo ki pa met tèt ansanm pou rezoud kriz la

Kenneth Merten kritike konpòtman iresponsab politisyen ayisyen yo ki pa met tèt ansanm pou rezoud kriz la
Getting your Trinity Audio player ready...

Pou anbasadè Kenneth Merten, politisyen ayisyen yo se prensipal obstak ki anpeche kriz k ap boulvèse peyi a rezoud.

Avan li kite peyi a kòm chaje dafè Etazini an Ayiti , Kenneth Merten te fè yon chita pale ak laprès nan rezidans prive li sou Boudon jou lendi 11 avril la. Pandan li t ap pale sou sitiyasyon Ayiti, diplomat la te pwofite kritike konpòtman iresponsab aktè politik ayisyen yo ki pa rive met tèt yo ansanm pou rezoud kriz k ap brase bil peyi a.

« Peyi a ap soufri paske pa gen yon vizyon klè pou avanse nan eleksyon epi pou rezoud pwoblèm politik ki genyen yo, anbasadè Kenneth Merten di. Pèp la konnen sa peyi a bezwen. Se aktè klas politik la ki pa toujou aji yon fason responsab e pou satisfè atant moun ki vote yo. Se yon desepsyon ».

Pi lwen diplomat ameriken di Ayiti rate yon opòtinite pou envestisè etranje antre lakay li akoz kriz politik la ak ensekirite a. « Anpil faktori ap kite Lachin pou vin envesti nan zòn Karayib la ak Amerik santral. Ayiti byen plase pou li ta akeyi envestisè etranje sa yo. Men pwoblèm ki gen yo fè yo p ap vin Ayiti akoz sitiyasyon politik peyi a», Kenneth Merten eksplike. Li pwofite envite pwotagonis kriz la pou mete tèt yo ansanm pou pote solisyon ak sitiyasyon sila.

N ap raple Kenneth Merten sot pase 6 mwa kòm chaje dafè peyi Etazini an Ayiti. Li te ranplase Michel J. Sison ki te kite peyi a nan mwa oktòb 2021. Men li te deja travay kòm anbasadè an Ayiti pou peyi li soti lane 2009 pou rive 2012.

Kenneth Merten kritike konpòtman iresponsab politisyen ayisyen yo ki pa met tèt ansanm pou rezoud kriz la

Dekouvri plis:

Au moins 13 personnes blessées après une fusillade dans une station de métro de New-York

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Rencontre entre Kenneth Merten et les leaders de l’accord de Montana Le Chargé d’Affaires Kenneth Merten s’est réuni...