Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Seksyalite: Ki plezi ki kache dèyè yon nèg k ap bay fanm dwèt

Ki risk enfeksyon ki genyen nan bay fanm dwèt? Yon seksològ ap reponn
Crédit photo: Tchooko_92

Seksyalite: Ki plezi ki kache dèyè yon gason k ap bay fanm dwèt.

Bay fanm dwèt nan lang fransè a yo rele l “doigtage”. Se yon pratik kote yon gason sou otorizasyon mennaj li foure youn oubyen 2 dwèt li andedan bouboun fi a. Konsa tou gen fi ki konn fè l pou kont yo nan chache plezi oubyen aprann konn kò yo.

Souvan lè yo pale de koze “preliminè” nan yon rapò seksyèl, moun toujou panse se ti bo, fè penso, karès ak souse kò moun lan senpman ki konte pou fè monte dezi oubyen sansasyon fanm lan. Bay dwèt la jwe yon gwo wòl tou pou eksite fi a, li fè pati faz preliminè a tou pandan rapò seksyèl la.

Gen fanm ki renmen pran dwèt pou kapab fè l voye oubyen fè l pipi

Alexandra gen 27 lane, li abite Kafoufèy, demwazèl sa eksplike nou li renmen lè mennaj li ba l dwèt byen avan li rantre tout bon nan rapò seksyèl la. Rezon li avanse pou l montre sa k fè li renmen pratik sa, se paske li di mennaj li a fè l yon jan ki eksite l, ki fè l voye tankou fanm fontèn ki monte plezi a tou. 

Si Alexandra jwenn plezi nan pran dwèt pou eksite l plis pou l fè bagay, Renette ki te aksepte pale ak nou fè konnen li pa  renmen sa paske pou li menm se yon bagay pèvè. 

“M twouve se yon move pratik. Nan koze relasyon dwe gen limit sou kèk pratik tankou souse pye moun, fè zonyon, fè ti bèf, rive nan aksepte yon moun ap plante yon dwèt anndan bouboun ou. Sa yo se bagay sal, pratik sa yo trè pèvè. Moun yo nan chache eksplore vini ak yon pakèt salopri ki pa t gen sou tan manman m ak papa m, lè sa yo di w se eklere yo eklere”.

Bay fanm dwèt ede yon gason jwenn pwen G fanm lan

Anpil gason konn tiye tèt nan chache jwenn pwen G yon fanm. Genyen ki konn menm panse se gwo manch, gwo kout gouyad, lè fanm lan ap fè jemisman oubyen alsiyis ki vle di yo jwenn pwen G a. Se byen konte mal kalkile mesye, li ka pwen A, B, C, Z men se pa ko pwen G a.

Sa anpil gason pa konnen, ou ka ale chache pwen G yon fanm avèk dwèt ou. Selon anpil syantifik, pwen G sa anpil nèg konn ap tiye tèt chache a se yon zòn sikilè ki pa pi gwo ke yon pyès 50 kòb, li lokalize de 1 a 4 santimèt rantre bouboun fi a, anwo.

Lè w ap bay dwèt la se sèvi ak dwèt lendèks oubyen lemajè ou, oubyen tou 2 daprè syantifik yo. Rekoube dwèt yo epi fè mouvman ale vini an. Depi li ap byen fèt, espas kote pwen G a ye a kapab gonfle epi fè fanm nan anvi ale pipi. Nou ka konn tande gen fi nan relasyon, gen posizyon ou pran ak li, gen yon jan mouvman yo ap fèt, gen yon jan ou rete atantif ak sansasyon li yo pandan w ap ba l plezi epi l di w: “Cheri pipi kenbe m”.

Fò souvan pipi kenbe m sa konn rezilta pwen G a si fi a p ap pase nèg la nan tenten menm jan gen fi ki konn pran pòz ap fè alsiyis pou fè nèg la kwè li ap fè yon bagay serye.

Gen gason ki pa pwofesyonèl nan bay dwèt fè fi tou pa renmen pratik sa

Pi wo atik la, Alexandra voye flè pou mennaj li ki konn fè pratik sa byen ki fè l jwi. Se pa menm ka a pou Nathalie ki di li pa janm gen chans jwenn nèg pwofesyonèl pou ba l bon dwèt epi eksplike n yon move eksperyans. 

“Bay dwèt pa yon move bagay. Se yon konpòtman ki bon men mwen menm, m pa janm ka twouve yon bon gason ki konn fè l byen. M fè yon eksperyans deja li pa t bon. Nèg la ap foure dwèt li tankou se patat li t ap plante, li bosal, m pa t santi plezi, m te di l bay vag”, daprè eksplikasyon Nathalie. 

Daniel sou bò pa l ki se yon pwofesè anglè pa plede pou l di gen gason vre ki pa fò nan pratik la. Sitwayen sa ki gen 37 an di limenm sa te pran l tan pou l byen konn fè bagay sa epi li konseye patenè yo chita pale tou sou sa byen avan yo avantire yo ladan l si sa pa t janm yon abitid. 

Kèk konsiy avan ou rantre nan pratik bay dwèt la

Yon fi avan ou aksepte yon gason rantre nan ba w dwèt, gen bagay ki dwe klè pou ou depi byen avan: Gason an dwe koupe zong li epi zong li dwe pwòp, sa ka anpeche w pran enfeksyon epi evite li blese w tou. Sou menm koze evite enfeksyon an, gason an dwe lave men l avan.

Moun sa k ap ba w dwèt la pa dwe bosal, fòk mouvman ale vini yo fèt dousman, pase librifyan pandan w ap pran dwèt la bon tou pou evite li fè w mal, gason an pa dwe ale rapid li pa nan kous epi fòk ou asire w nèg k ap fè radyografi a pou ou a konn sa l ap fè a ki ka fè w jwi tout bon.

Ki risk enfeksyon ki genyen nan bay fanm dwèt? Yon seksològ ap reponn

Crédit photo: Tchooko_92

Dekouvri plis:

Mauvais traitements infligés aux réfugiés haïtiens aux USA: Un double affront précise le FSCIH

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu