Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Ki risk enfeksyon ki genyen nan bay fanm dwèt? Yon seksològ ap reponn

Ki risk enfeksyon ki genyen nan bay fanm dwèt? Yon seksològ ap reponn
Crédit photo: Tchooko_92
Getting your Trinity Audio player ready...

Koze bay fanm dwèt se yon pratik mesye yo renmen fè, anpil fanm konn santi yo alèz paske pou yo gen plezi. Èske modèl penetrasyon sa gen risk pou fanm lan fè enfeksyon? Seksològ Catherine Solano t ap reponn kesyon sa sou RFI nan emisyon “Priorité  Santé”.

Pou koumanse ak repons yo, doktè Catherine fè konnen non yon fi ki aksepte yon moun penetre l nan bouboun ak dwèt, depi moun sa men l pwòp pa gen risk pou fi sa gen enfeksyon

“Apriyori non. Se vre fòk ou gen men pwòp pou w fè kalen, karese yon moun, fè penetrasyon entravajinal. Men, fòk ou konnen anndan bouboun lan se yon kote ki fèt pou defann kokt mikwòb. Si gen yon penetrasyon kay fi a avèk men ki pwòp, pa gen risk enfeksyon”.

Si seksològ la bay garanti  pa gen risk pou yon fi gen enfeksyon apre yon nèg fin penetre l avèk dwèt. Fòk nou souliye pou ou ke garanti sa se pou men ki pwòp, ki ta vle di pa reprezante danje pou bouboun fi. Se rezon pi lwen nan eksplikasyon li yo, seksològ Catherine fè konnen nan ka kontrè yon men ki sal ap penetre yon fi ak dwèt yo, fanm sa gen risk pou l pran enfeksyon ki rele “Vajinoz”.

“Gen risk pou gen enfeksyon vajinal, se sa yo rele vajinoz la. Si dwèt k ap rantre anndan bouboun lan pa pwòp”.

Selon Catherine Solano, siy ki montre yon fi fè vajinoz se lè li ap bay yon ti dlo gri ki gen odè pwason. Fò souvan se mikwòb ki soti nan dèyè fi a ki fè sa, paske nan penetrasyon ak dwèt la, dwèt sa konn pase nan dèyè moun lan epi ale rantre nan bouboun li ki pote mikwòb sa yo ki gen risk ba l vajinoz.

An gwo, nou gen enterè medam kontwole ki dwèt n ap bay vizite pati jenital la, menm jan an mesye yo dwe kenbe men yo pwòp pandan yon relaksyon seksyèl pou evite ekspoze fi a ak koze  enfeksyon ki konn reprezante danje pou moun lan lè li pran estad grav la.

Ki risk enfeksyon ki genyen nan bay fanm dwèt? Yon seksològ ap reponn

Crédit photo: Tchooko_92

Dekouvri plis:

Une nouvelle fusillade de masse fait au moins 8 morts aux Etats-Unis

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... ‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm...

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele...