Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ki veritab wòl yon jounalis? Adolphe Denilson Jason ap eksplike atravè yon videyo

Ki veritab wòl yon jounalis? Adolphe Denilson Jason ap eksplike atravè yon videyo

Metye jounalis ap pran anpil galon dènye ane sa yo anndan sosyete a, sitou ak prezans rezososyo. Pandan metye a ap pran chè, sa pa anpeche moun toujou ap kritike travayè laprès yo ki dèfwa kite etik de kote epi bliye wòl yo kòm jounalis. Se rezon sa, jèn jounalis Adolphe Denilson Jason atravè yon videyo n ap ka gade pi ba atik la eseye raple wòl konfrè ak konsè yo. Redaksyon medya a te f on ti pale ak li.

Prezante kiyès ou ye?

Mwen se Jason Denilson Adolphe, Mwen s on ayisyen, mwen gen 23 lane, mwen s on jèn Jounalis. Mwen nan 2è ane jeni sivil, Mwen s on adventis Di 7yèm jou. Mwen gen twa zan m ap fonksyone nan metye sa(jounalis), mwen deja fè plizyè eksperyans nan metye a tankou reyalize koup Di mond 2018 avèk radyo tele parisienne, 5 mwa avèk presslakay, 8 mwa ak Coup D’oeil TV.

Sa k pouse w vini ak yon refleksyon konsa sou koze jounalis?

Daprè tout konsta mwen fè sou koze metye jounalis la jodia, jan mwen santi feedback la rive sou bò kote jounalis yo, jan yo kritike jounalis yo, mwen di non, fòk mw di yon mo nan koze a e mwen panse ke li bon pou te gen yon travay konsa ki t fèt pou jounalis yo pran men yo, si se pa sa metye a ap pèdi tout valè li te genyen paske Jodia twòp moun ki pa konn prensip metye a ap fonksyone ladann. Mwen vle pou popilasyon an kapab fè diferans ant vrè ak fo jounalis ki genyen paske yo panse se tout moun k ap pale nan radyo ki gen yon mikwo ki se yon vrè jounalis.

Parapò ak tout sa w dekri nan koze wòl yon jounalis èske ou panse pwofesyonèl nan laprès yo se bliye yo bliye deyontoloji metye a?

Wi mwen panse yo bliye deyontoloji metye a paske jodia pa gen 20% jounalis k ap fonksyone nan koze medya isit  ki respekte etik metye a, kèlkeswa noun nan te nan près ekri , près pale, près televize e sitou  pou medya an liy ki respekte deyontoloji metye a.

Yon moun ka di tèt li kijan pou Jason yon jèn jounalis se li k ap pale de wòl jounalis. Kisa w ka di sou sa?

Mwen panse tout moun te ka fè travay sa, si vrèman ou s on profesyonèl paske se pa yon fòmil mwen envante, tout sa mwen di nan videyo a tout te deja egziste sof ke ou ka pè pale, ou ka pè denonse de eta metye a jodia.

Jèn jounalis yo dwe pale jodia pou eta metye a e nou dwe leve vwa nou wo pou moun ki se pyonye nan metye a ka tande nou, pou yo pran men yo pou nou di yo se pa sa nou te aprann nan lekòl kominikasyon yo. Yon jèn jounalis pa vle di li pa gen wòl li pou jwe nou tout gen wòl nou pou nou jwe ou te mèt gen yon lane, twa lane, 20 lane nan metye a ou dwe travay pou fè respekte metye sa ki Jodi kritike anpil.

Apre travay sa ou reyalize a, kijan fidbak la ye bò kote moun ki tande  mesaj la?

Feedback la positif anpil et mwen jwenn anpil moun felisite ekip la pou travay la sitou pou tèks la ak montaj la et mwen vle di yon gran mèsi ak Jean-Bernard Prinvil ki fè yon gwo bout travay nan montaj la.

Èske w panse pandan 10 dènye ane yo metye a pwogrese oubyen regrese pa bò isit?

Nan 10 dènye ane yo la pou mwen metye a regrese pa bò isit. E nou dwe travay di pou nou sove l si se pa sa se ap yon deriv total kapital nan metye a.

Ki jounalis nan pi gran yo ki modèl ou oubyen ou swiv kòm egzanp nan metye a?

Roberson Alphonse se modèl mwen e se jounalis mwen swiv plis e mwen reve sou menm plato avè l ap kòmante aktyalite yo ansanm epi se youn nan jounalis pa bò isit ki respekte etik metye a jodia.

Yon mesaj pou jèn jounalis yo, etidyan jounalis yo?

Jèn jounalis mwen yo, aspiran mwen yo travay la pa fasil, se vre n ap viv nan yon peyi kote bagay yo vrèman difisil men respekte metye a, respekte djòb la pa vann mikwo w, pa vann plim ou respekte tèt ou, rete moun ou ye a, lè sa n ap jwenn plis felisitasyon ke kritik ansanm, ansanm n ap gen yon pi bon medya pa bò isit.

Klike pou w gade videyo travay Adolphe Jason Denilson

https://youtu.be/qgAt-J_m0Mo

Dekouvri plis:

Byanka Gauthier jwenn liberasyon l

Plus de contenu

Actualités

Les Etats-Unis réaffirment leur soutien a la liberté de la presse en Haïti et la protection des journalistes en cette journée marquant la déclaration...

Actualités

Haïti: le journaliste d’AlterPresse Edner Fils Décime remercie chaque personne qui a aidé à sa libération. Le journaliste d’AlterPresse Edner Fils Décime, kidnappé le...

Actualités

Haïti: un journaliste a été tué par balles alors qu’il couvrait le mouvement de protestation des ouvriers de la sous-traitance. Un journaliste répondant au...

Monde

Turquie: la journaliste Sedef Kabas a été placée en détention provisoire pour avoir insulté le président Recep Tayyip Erdogan.  Les autorités du gouvernement turc...