Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kidnapè yo mande yon gwo sòm pou libere Doktè David Telemaque kap touche 9 mil goud

Kidnapè yo mande yon gwo sòm pou libere Doktè David Télémaque kap touche 9 mil goud

Moun yo pa rive idantifye kidnape Doktè Hans David Recifère Telemaque bò lopital jeneral, samdi 28 novanm lan, pandan l tap ale achte yon manje. Li se yon medsen entèn kap ofri sèvis li bay popilasyon an nan lopital jeneral.

Kidnapè yo mande yon gwo sòm pou yo libere Thélémaque ki se yon medsen entèn nan fòmasyon anndan lopital jeneral ki resevwa selman yon frè 9 mil goud pou sèvis l ap bay anndan lopital la. Daprè eksplikasyon pwòch li ke redaksyon Juno7 te rantre nan fakilte medsin fè nou konnen yo te pale ak medsen an yè epi negosye ak kidnapè yo ki te mande 300 mil dola ameriken pou yo libere li.

Men kèk moun ki pròch fanmi an Juno7 te rankontre nan kad yon mouvman protesstasyon nan Lamatinyè sou Bwavèna, fè redaksyon an konnen yon manb fanmi an pale yèswa epi kidnapè yo rete ak 1 milyon goud ki evalye a 200 mil dola ayisyen nan langaj pa nou, selon eksplikasyon yon protestatè ki se vwazen entèn ki te pale ak yon repòtè Juno7 maten an .

Pandan atik sa t ap ekri, okenn nan yo pa vrèman gen nouvèl sou jèn doktè a depi premye pale a, sa ki lage anpil enkyetid ak laperèz kay anpil moun paske yo fè konnen doktè Hans David Recifère Télémaque pa gen mwayen pou bay kidnapè yo lajan sa y ap mande a.

Kidnapè yo mande yon gwo sòm pou libere Doktè David Thélémaque kap touche 9 mil goud

Ri Oswald Duvand devan Fakilte Medsin ak Famasi

Solidarite pou egzije liberasyon san kondisyon Doktè David Télémaque

Depi yè, plizyè doktè te pwoteste nan kapital la kont anlèvman David Telemaque epi mande liberasyon li san kondisyon paske se yon jèn medsen ki renmen peyi l, ki t’ap travay pou sèvi peyi l. Yon pwotestasyon lapolis te repouse ak gaz lakrimojèn men doktè yo bay randevou sou beton an demen maten si yo pa jwenn liberasyon doktè .

Dekana fakilte medsin nan inivèsite leta a ale nan menm sans lan atravè yon nòt pou raple ke jèn medsen an fè pati ayisyen kouraje ki deside rete pou sèvi peyi l malgre anpil sèvo fin pati kite peyi a. Nan sans sa, dekana a reklame liberasyon medsen entèn lan epi mande ak otorite yo pou pran responsablite yo fas ak ensekirite a.

Kidnapè yo mande yon gwo sòm pou libere Doktè David Thélémaque kap touche 9 mil goud

Bwavèna anfas riyèl Bènn

Bwavèna tou prè zòn riyèl Bèn bloke kote medsen an abite, vwazen ak fanmi doktè David ap manifeste pasifikman ak pankat nan men yo pou mande liberasyon li san kondisyon, selon konsta yon repòtè Juno7 ki te fè tou nan espas la, gen prezans 2 bakòp polisye. Ri Monseyè Giyou bò lopital jeneral bloke tou pa lòt medsen k ap mande liberasyon Hans David Telemaque, bò fakilte medsin nan ri Osval Diran bloke tou kote etidyan yo drese chèz nan lari a .

N ap siyale pou ou, yon medsen anndan lopital jeneral ki te pale ak repòtè nou fè konnen lopital la fèmen menm sèvis ijans lopital jeneral la fèmen, plizyè lòt lopital piblik tankou Lopital Chansrèl, Lapè ,Sanatoryòm, Jistinyen fèmen tou, yon fason pou konyinye mande liberasyon doktè David san kondisyon.

Dekouvri plis:

3 mwa apre asasina mèt Dorval, plizyè avoka òganize yon sitin pou kontinye mande jistis

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...