Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Kidnapin: Atis Money G toujou nan men ravisè yo malgre lajan fanmi an bay

Kidnapin: Atis Money G toujou nan men ravisè yo malgre lajan fanmi an bay

Kidnapin: Atis Money G toujou nan men kidnapè yo malgre lajan fanmi an bay.

Jean Junior Wacelus tout moun konnen sou non Money G sibi zak kidnapin depi 29 out pase a nan zòn Karade, komin Taba. Jodia fè anviwon 25 jou depi atis la toujou nan men kidnapè yo malgre yon ranson fanmi an te livre ak ravisè yo.

Aprè kidnapè yo te fin pran atis la, yo egzije ak fanmi an yon milyon dola vèt, fanmi an te fè tout sa k posib li bay 25 mil dola ameriken selon sa yon frè l te deklare sou antèn Radyo Karayib.

Endivi yo twouve sa pa ase, yo egzije yon lòt 25 mil dola ankò pou lage atis la, yon montan fanmi an pa genyen. Depi dat sa, Money G pa janm jwenn liberasyon l.

Anpil atis, animatè kiltirèl leve vwa yo sou rezo sosyal yo pou mande liberasyon atis la, pa janm gen okenn rezilta jiskaprezan.

Money G te chantè gwoup Gabel ak 5 Etwal, nan moman yo kidnape l la pa gen twòp tan li te apèn sot fè yon operasyon nan kè.

Fenomèn Kidnapin lan kontinye ap vale teren. Sa gen 2 mwa depi aprè lanmò prezidan Jovenel Moïse la tren kidnapin lan repati, li getan bote anpil moun sou wout li. Dènye li pran la se jounalis kiltirèl Frantzie Siméon, jèn kad Direksyon Nasyonal Bidjè Mackenley Mogène, ak doktè Herby Lafrance.

Kidnapin: Atis Money G toujou nan men ravisè yo malgre lajan fanmi an bay

Dekouvri plis:

Migrants: Dans un discours viral sur la toile, Jerry Tardieu plaide pour un nouveau « deal » entre Haïti et les USA

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Pòtoprens: Endividi ak zam rantre nan Premye Legliz Batis Ri La Reyinyon, yo tiye yon djak, kidnape madanm li epi blese 2 fidèl. Nèg...

Insécurité

Kidnapin: Endividi kidnape sitwayen Olivier Kernizan ki se yon ansyen sòlda ameriken. Nèg ak zam kidnape sitwayen Olivier Kernizan, yon ansyen sòlda ameriken, jou...

Insécurité

Endividi rantre kay Ludjane Jean Gilles epi ale avè l pandan l t ap fete anivèsè l an fanmi. Ludjane Jean Gilles se non...

Insécurité

Kidnape depi vandredi 21 avril la nan Ri Kazèn nan komin Pòtopwens , notè Alex Démosthènes poko janm kapab  jwenn liberasyon li malgre ranson ...