Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kidnapin: Direktris administrativ kolèj Coeurs-Unis an libere

Kidnapin: Direktris administrativ kolèj Coeurs-Unis an libere

Kidnape lendi 18 janvye a, direktris administrativ kolèj Coeurs-Unis an, Marie Paul Janvier, jwenn liberasyon l yè jedi swa ki te 21 janvye a.

Nan yon ti pale yon repòtè Juno7 te fè ak direktè jeneral lekòl sa, mesye Jean Dominique konfime enfòmasyon an pou jounal la pandan l pa t an mezi di si madam lan libere kont ranson

“Jiskaprezan nouvèl la tonbe. Se yè swa liberasyon an fèt, men se maten an nouvèl la vrèman gaye nou poko kapab konnen si yo te bay ranson men sa ki pi enpòtan madam lan sain et sauf aktyèlman, li an libète”, deklare Jean Dominique.

Selon responsab lekòl la, li ta fè konnen se nan ri kamo yo lage madam lan ak 2 lòt moun

“Yo lage l nan ri kamo la, te gen 2 lòt moun yo lage nan ri kamo. Pa nou an nou pran l nou mennen l lakay li, lòt moun yo paran yo te vin chache yo”, eksplike direktè jeneral Coeurs-Unis an.

Pi lwen nan eksplikasyon l yo, li fè konnen eta espri Marie Paul Janvier pa anfòm paske li choke apre zak kidnapin sa ki fèt sou li a

“Li choke, li tèlman choke ke l pa ka pale twòp paske li sou emosyon donk gen bagay pou n pale jan l te viv moman sa yo, se de bagay n ap konnen aprè. Pou moman sa li sou chòk”.

Direktè Jeneral enstitisyon an, Jean Dominique te pwofite lanse yon mesaj pou solidarite anpil lekòl te bay ak elèv kolèj Coeurs-Unis yo nan mobilize pou mande libere madam lan

“Mesaj la nou se yon sèl ayisyen, yon sèl peyi. Lè yon bagay konsa pase kay yon moun, li ka rive lakay ou tou. M ap pwofite pou m remèsye tout kolèj: Montesqieu, Pyramide, Saint-Georges. M ap remèsye ankò lise Jean-Jacques, m ap remèsye mè Saint-Alphonse, kolèj des Antilles, m ap remèsye lòt lekòl ke m pa site non pou pa gen jalouzi. M ap di yo mèsi pou sipò yo te pote avèk nou pandan ke n ap pwofite pou n ekskize nou si genyen ti derapaj ki te pase avèk kèk lekòl. Coeurs-Unis pa la pou afwonte lòt lekòl parèy li”, reyaji Jean Dominique.

N ap raple w Marie Paul Janvier te kidnape lendi pase a, nan yon premye tan ravisè yo te mande 180 mil dola vèt, apre negosiyasyon yo te vin rete a 900 mil goud. Yon sitiyasyon ki te pwovoke kòlè elèv lekòl Coeurs-Unis yo ki te mobilize nan boule kawotchou, bloke ri kamo ak kapwa pou mande liberasyon madam lan.

Dekouvri plis :

La DIRPOD exige justice pour les militants arrêtés à Miragoâne dont le sénateur Nenel Cassy

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...