Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kidnapin : elèv kolèj “Coeurs-Unis” yo kontinye ap mande liberasyon Marie Paul Janvier

Kidnapin : elèv kolèj "Coeurs-Unis" yo kontinye ap mande liberasyon Marie Paul Janvier

Mouvman pwotestasyon yo ap kontinye nan ri Kamo, maten mèkredi 20 novanm lan, kote elèv lekòl Coeurs-Unis yo ap mande liberasyon Marie Paul Janvier, direktris administrativ lekòl sa moun ak zam kidnape depi lendi swa zòn “Juvenat” Petyonvil .

Byen bonè maten an, elèv yo refoule beton an kote yo boule kawotchou, voye wòch ki ta lakoz vit machin anpil moun kraze epi kreye yon mouvman panik nan ri Kamo ak zòn ki anviwonnen l yo. Sa ki ta pral lakoz yon bakòp UDMO ki te sou plas lanse gaz lakrimojèn pou eseye kalme sitiyasyon an.

Yon repòtè Juno7 ki sou plas pale ak yon pwòch direktris administrativ la, li fè konnen ravisè yo te mande 180 mil dola vèt nan yon premye tan, nan negosiyasyon yo rete ak 900 mil goud. Yon negosiyasyon k ap kontinye toujou selon pwòch la ki konfime ravisè yo fè yo pale ak Marie Paul Janvier.

Jodia fè dezyèm jou depi elèv ak pwòch Marie Paul Janvier kontinye ap mande liberasyon l ki ta lakoz zòn lan bloke kote lekòl ak biznis pa twò fonksyone.

Koze mobilizasyon pou egzije liberasyon viktim yo vin tounen yon koutim kay popilasyon an. Nou ka raple mobilizasyon pou Magdala Louis, pou Eril Dédé, Joana Dorcéus , Mike Bellot elatriye .

Dekouvri plis:

20 Janvier 1758 : Mackandal périt sur le bûcher

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Insécurité

Haïti : 83 cas de kidnapping recensés en juillet 2023 par le Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme (CARDH). Le Centre...

Insécurité

Kidnapping: l’état de santé de la journaliste Blondine Tanis se dégrade, Denel Sainton appelle à sa libération. Le journaliste de la RTVC, Denel Sainton,...

Actualités

La Solidarité des Femmes Haïtiennes Journalistes (SOFEHJ) demande la libération de la journaliste Blondine Tanis. À travers une note de presse en date du...

Sécurité

Haïti : le CARDH a recensé 150 cas d’enlèvements entre avril et juin 2023, soit une baisse de 61, 4% La République d’Haïti a...