Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Kidnapin sou Mackenley Mogène: Avni Charles Summer bloke, 3 ministè ki nan zòn sa pa fonksyone

Kidnapin sou Mackenley Mogène: Avni Charles Summer bloke, 3 ministè ki nan zòn sa pa fonksyone

Kidnapin sou Mackenley Mogène: Avni Charles Summer bloke, twa ministè ki nan zòn sa pa fonksyone pou egzije liberasyon viktim nan.

Mackenley Mogène se non yon jèn kad k ap travay nan Direksyon Jeneral Bidjè ministè finans, endividi kidnape l ansanm ak yon frè l yè jedi a, zòn Tijo nan ponp gaz  Starmart la. Frè Mackenley Mogène lan rele Herby Lafrance se aktyèl direktè lopital Pòsali ki se yon medsen .

Maten an zòn Tijo, tout bò legliz Sakrekè te bloke. Abitan nan zòn lan te leve kanpe pou pote solidarite ak sitwayen sa. Moun zòn Tijo te bloke espas la men lapolis te vin pran kontwòl sitiyasyon an kèk èd tan aprè zòn nivo legliz Sakrekè. 

Sa pa t rete kanpe, nan moman n ap ekri atik la Avni Charles Summer konplètman bloke kote kawotchou ap boule, machin pa pase, machin kwaze an kwa nan wout la. Trafik machin konplètman enpratikab. Sèl pyeton ki ka pase.

Blokaj sa se an siy pwotestasyon kont Kidnapin ki fèt sou Mackenley Mogène lan. 3 ministè ki twouve yo nan zòn lan pa fonksyone ki se Ministè Finans, Ministè Jistis ak ministè Afè Sosyal. 

Anplwaye yo ki prezan nan biwo yo mande prese prese pou libere l epi kanpe travay jistan yo jwenn liberasyon l. Direksyon Nasyonal Bidjè ki tou kanpe tou lakoz pa ka gen echanj kourye ant lòt ministè yo ak ministè ekonomi ak finans.

Nan yon ti pale ak pwòch viktim yo, yo fè redaksyon Juno7 la konnen jiskaprezan yo poko gen nouvèl viktim yo, okenn moun poko rele fanmi an epi pwofite mande liberasyon yo.

Fenomèn Kidnapin lan blayi kò l nèt dènye jou sa yo kote tren sa deja bote anpil sitwayen ale ak yo epi mande fanmi yo yon dividal lajan pou jwenn liberasyon pwòch yo.

Kidnapin sou Mackenley Mogène: Avni Charles Summer bloke, 3 ministè ki nan zòn sa pa fonksyone

Dekouvri plis:

La journaliste Frantzie Siméon enlevée par des bandits

 

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu