Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kilè mastibasyon tounen yon maladi? Doktè Kerry Norbrun ap eksplike

Kilè mastibasyon tounen yon maladi? Doktè Kerry Norbrun ap eksplike

Mastibasyon se yon pratik seksyèl ki pwovoke yon plezi seksyèl lè moun lan pran abitid karese pati jenita l oswa lòt kote sansib nan kò l ak men l kote pratik sa fèt tou ak de seri objè.

Selon anpil etid, koze mastibasyon pa gen pwoblèm si yon moun fè l. Men, son pratik ki tabou nan anpil sosyete epi ki gen anpil prejije nan sektè relijye a. Sa pa anpeche medsin di se yon pratik ki bon pou kò a, san yo pa ekate risk sa ka gen sou sante moun.

De risk ki pouse doktè Kerry Norbrun fè rechèch pa l epi di nou anpil fwa mastibasyon konn rann moun ki lage nan pratik sa rive pa ka kontwole pouvwa mastibasyon yo, sa ki tounen yon andikap pou moun sa yo sosyalman, daprè doktè a.

Pwoblèm sa yo selon doktè Norbrun se lè yon moun g on lè ki rive fò l mastibe pou l santi l byen. “Li te mèt an gwoup ak zanmi l nan yon soti, li ta prefere kite gwoup zanmi yo al nan twalèt pou l ka mastibe tèt li. Gen moun lan tou ki pa ka dòmi san l pa fè sa avan l dòmi. Sikolojikman lespri l p ap anpè si l pa fè l, l ap santi l manke yon bagay”.  Se sa yo rele “Masturbation Compulsive” la daprè doktè a.

Doktè Norbrun te eksplike nou kisa ki mastibasyon konpilsiv la pou l fè konnen li diferan de senp mastibasyon yon moun konn fè ki nòmal. Pou mastibasyon konpilsiv la, li enkontwolab selon doktè a. Li siyale gen moun ki konn an reta nan travay akoz fòk yo mastibe avan yo benyen, lè yo fenk leve nan dòmi fòk yo fè l tou. Se yon pilsyon moun lan genyen, li konn resanti pilsyon sa nenpòt 10 fwa nan yon jounen ki pouse l ka mastibe 10 fwa pa jou.

Li te kontinye pou l eksplike lè l di moun ki viktim de twoub sa rive satisfè yo se akoz de eleman tankou pòno ki trè aksesib a chak fwa moun nan gen anvi sa.

“Li al gad videyo sa yo, li rive satisfè bezwen an sa vin rann li esklav de sa, li vin adikte epi sa kontribye nan yon andikap sou plan sosyal, paske pilsyon an tèlman egzajere dèfwa moun nan konn menm bliye fèmen pòt kote l ye an tèlman l bezwen satisfè tèt li”.

Lè yon moun kite estad mastibasyon nòmal la epi tonbe nan mastibasyon konpilsiv la ki tou pratikman yon maladi, yon obsesyon, gen koz ki eksplike sa daprè Kerry Norbrun. Koz sa yo kapab strès anraje, yon pè, yon demann ki mande yon soulajman imedya. Li pran egzanp gen moun se fimen yo fimen lè yon bagay ap domine yo, yon fason pou l montre gen moun tou se mastibe yo mastibe epi tou vin obsede.

Li te kontinye pou l di sa ka rive se mennaj lan ki kite moun lan pandan l eksplike: ” Se konn yon moun ki gen yon mennaj ki kite l, li pa vle ale pran lòt moun oubyen eseye reponn ak anvi l epi li lage nan mastibe pou konble yon mank”.

Doktè Norbrun fè konnen relasyon long distans konn fè sa tou kote moun ki nan relasyon long distans k ap eseye kontwole mank lan epi sa pa janm rive konble, moun sa tonbe nan pyèj tonbe mastibe san rete ki vin tounen yon veritab twoub. Li fè konnen tou sa rive se moun ki sibi abi seksyèl oubyen yon bagay ki twomatize l epi li lage nan mastibe.

Fas ak tout pwoblèm sa yo, doktè Kerry Norbrun fè konnen gen jan moun nan ka soti tèt li nan sa. Dabò, fòk li an mezi rekonèt li mastibe twòp epi redui nan frekans lan. Pou frekans lan diminye fòk moun lan chache fè yon aktivite selon doktè Norbrun. Aktivite sa yo dwe baze sou swiv kou an liy, fè espò, tande mizik, antre nan òganizasyon jèn k ap fè mouvman sosyal, de seri de aktivite k ap preyokipe lespri moun lan pou l pa sou mastibe, daprè sa doktè a estime. Li konseye yo pou yo fè egzèsis respirasyon ak relaksasyon tou, pandan l envite yo chache soutyen yon sikològ pou pale ak yo epi ede yo.

Dekouvri plis :

Egzamen 9è: Depatman Nòdwès gen to reyisit ki pi wo. Tout detay sou chif yo

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Actualités

République Dominicaine: un enseignant a écopé de trois mois de prison pour avoir masturbé devant des élèves à Constanza. Le professeur Juan Carlos Delgado...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Société

7 mai: journée internationale de la masturbation, un plaisir solitaire. La journée internationale de la masturbation est célébrée chaque 7 mai. Cet événement est...