Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kolektif Atis Angaje ankouraje popilasyon an patisipe nan mach dimanch lan

Kolektif Atis Angaje ankouraje popilasyon an patisipe nan mach dimanch lan

KATAN ki se Kolektif Atis Angaje bay pozisyon l nan yon nòt pou laprès sou sitiyasyon politik peyi a ap viv depi kèk tan.

Nan nòt sa, KATAN eksprime kontantman pou pozisyon anpil sektè nan lavi nasyonal la ki pozisyone sou atik 134-2 epi rete kwè manda Jovenel Moïse bout depi 7 fevriye 2021 ki sot pase a.

Pi lwen, Kolektif Atis Angaje (KATAN) rete kwè se yon gwo etap popilasyon an franchi nan batay pou byennèt, lè sektè enpòtan nan klas politik la fè yon sèl ak sektè enpòtan nan sosyete sivil la pou ini fòs yo nan yon sèl konba pou pati dèyè Jovenel Moïse.

Kolektif la anndan nòt sa denonse Jovenel Moïse ki daprè yo kenbe palè a an otaj ak konplisite Coregroup. Pou Kolektif la konpòtman sa montre volonte rejim an plas la genyen pou sabote enstitisyon Leta yo epi vyole konstitisyon peyi a.

KATAN kwè ke atis yo pa dwe ret bèbè malgre pozisyon yo te ka genyen. Pou Kolektif la, popilasyon an ki toujou ap soutni zèv atis sa yo twouve yo nan yon moman difisil anba men pouvwa a. Nan sans sa, kolektif la envite gwoup atis sa yo desolidarize yo ak Jovenel Moïse yo kalifye atoufè diktatè.

Pou konkli nòt sa, Kolektif Atis Angaje (KATAN) ankouraje manm li yo, popilasyon an foule beton an demen dimanch 28 la pou vin patisipe nan mach ki anonse nan kapital kont diktati ak ensekirite.

Nòt sòt pote siyati plizyè atis tankou Magali Comeau Denis, Jacques Adler Jean Pierre, James Pierre alyas KKRAT, Thedina Jean Paul, 27 Wòklò, Kebert Bastien, D-Fi, Shelo François, Don Kato, Samantha Normil…

Dekouvri plis:

27 Février 1844: indépendance de la République Dominicaine

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

L’Organisation du Peuple en Lutte (OPL) appelle à la continuité de la mobilisation anti-gouvernementale partout dans le pays. Les structures politiques haïtiennes ne cessent...

Actualités

Énième journée de mobilisation à Port-au-Prince ce 17 octobre à Port-au-Prince contre le gouvernement en place Port-au-Prince.- Des milliers de personnes ont sillonné les...

Actualités

Journée de mobilisation: Baky et K-Dilak s’expriment sur la situation sociopolitique du pays. Haïti a connu le vendredi 16 septembre 2022 une nouvelle journée...

Actualités

La  Direction Politique de l’Opposition Démocratique  (DIRPOD) annonce trois journées de mobilisation les 28,29 et 30 mars . Depuis des mois les drames s’enchaînent....