Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Kolektif Viktim Masak yo” bay pozisyon l sou sanksyon kominote entènasyonal la pran kont prezime otè yo nan masak Lasalin

"Kolektif Viktim Masak yo" bay pozisyon l sou sanksyon kominote entènasyonal la pran kont prezime otè yo nan masak Lasalin

“Kolektif Viktim Masak yo”, ki se yon estrikti ki regwoupe plizyè manm nan plizyè katye popilè, nan yon konferans pou laprès jou lendi 14 desanm 2020 an, nan lokal RNDDH, felisite desizyon depatman trezò ameriken an pran pou l sanksyone moun ki ta otè masak ki te fèt nan lasalin nan mwa novanm 2018 la.

Yon seremoni ki te dewoule ak entèvansyon plizyè reprezantan estrikti sa, tankou Champagne Changlais (Lasalin), Louis Étienne (Site Solèy), Jean Pascal Romain (Riyèl Maya), Luckmane Sainton (Site Solèy-Boston), ak R. Alexandre ki reprezante Belè. Plizyè nan reprezantan nan entèvansyon yo te pwofite pou bat bravo pou “depatman trezò ameriken” an pou desizyon li pran pou sanksyone moun ki te patisipe nan òganize masak lasalin nan. Yo pwofite tou pou fè apèl ak enstans entènasyonal yo ki espesylize nan bay èd imanitè, pou pote sekou bay moun nan katye popilè yo ki dezète, k ap viv nan malsite akoz de pwoblèm ensekirite ak masak yo nan katye popilè yo.

Mèt André Michel ki se pòt pawòl sektè demokratik ak popilè a ak avoka Kolektif la, ki te patisipe nan konferans sa, te pran pawòl pou l kontinye denonse pouvwa an plas la ki daprè li menm se sèl konplis nan masak yo k ap fèt nan katye popilè yo, epi lonje dwèt sou gouvènman k ap simaye zam nan katye popilè yo.

“Nou tande desizyon entènasyonal la sou masak lasalin, nou tande pozisyon “Core Groupe” sou dekrè prezidan pou mete sou pye ANI, “men sa yo pa sifi”, paske se pi wo fonksyonè ki nan leta yo ki enplike nan masak lasalin. Kit se masak lasalin oubyen Bèlè, tout se masak leta. Tout sanksyon y ap pran kont moun ki enplike nan masak yo, fòk yo pran yo kont Jovenel Moïse”, deklarasyon Mèt André Michel.

Mèt André Michel toujou ret konfyan ke rèy pouvwa PHTK pa twò lwen fini. Li mande kominote entènasyonal la pou l pa kontinye sipòte gouvènman an plas la, men pito kanpe bò kote pèp ayisyen an pou batay kont pouvwa ke li kalifye de kriminèl.

Romain Jean Pascal ki se pòt pawòl “Kolektif Viktim Masak yo” anonse yon jounen sitin ki ap gen pou fèt nan Petyonvil devan Biwo entegre nasyonzini an Ayiti (BINUH) jou k ap jedi 17 desanm 2020 an , pou kontinye mande jistis ak reparasyon pou viktim yo. Kolektif la fè konnen tou gen plizyè lòt aktivite ki pral reyalize pou toujou kontinye ak batay pou mande jistis pou viktim yo.

N ap raple w kominote entènasyonal la sanksyone Pierre Richard Duplan, Fednel Monchery ak Jimmy Cherizier kòm moun ki ta lotè masak ki te fèt anndan katye Lasalin.

Dekouvri plis :

15 desanm jou fèt li, Kimberly Pierre ap pare pou inogire yon estidyo pou pale espò sou rezo a

Plus de contenu

Actualités

Massacre La Saline: 2 ans après, le BINUH continue de réclamer justice pour les victimes et sanctions pour les auteurs. Ce mois de novembre...

Actualités

Massacre la Saline : L’Ambassade américaine réclame justice pour les victimes Ce 13 novembre marque les deux ans du massacre de la Saline qui...

Actualités

” Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici l’éphéméride du 13 novembre 2020 13 Novembre 2018: massacre à...

Politique

L’incarcération suivie de déportation vers Haïti de Toto Constant devrait interpeller les corrupteurs et les auteurs des récents massacres commis en Haïti, dixit André...