Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Komin Bonbon: Yon dife lakoz twa timoun mouri anndan yon kay

Komin Bonbon: Yon dife lakoz twa timoun mouri anndan yon kay

Yon dife lakoz twa timoun mouri anndan yon kay nan komin Bonbon.

Nan komin Bonbon ki twouve l nan depatman Grandans, yon ensidan malere rive kote yon dife ki pran anndan yon kay jedi pase a nan aswè lakoz twa timoun mouri brile.

Twa timoun sa yo se 2 ti gason ak yon tifi ki mouri brile kote enfo yo revele kò yo vini tankou lè yon moun ap boule bwa pou fè chabon. Aksyon sa pase vè 9 è nan aswè.

Selon manman timoun, li kwè ke se yon aksyon kriminèl. Selon sa l di pa t gen balèn nan kay la se yon lanp rechajab ki te limen. Nan moman dram sa pase a, manman an t al  achte manje pou bay timoun yo.

Majistra komini lan Dorimain Titus ki t ap pale ak kèk medya lokal prèske ale nan menm sans ak manman an pou di: “Mwen pa konnen kouman yon moun kapab pou l fè yon fanmi ap viv yon sitiyasyon parèy konsa. Se tout komin lan ki sou chòk. Nou endiye”.

Jij Isaac Étienne deklare selon premye eleman yo, yo pa ekate tèz aksyon kriminèl la. 2 moun arete, pami yo yon fanm pou kapab fè swivi sou dosye sa.

Senatè Jean Rigaud Belizaire ki t ap pale ak jounal la deplore sa k pase a epi mande pou lajistis fè limyè sou dram sa. Si palmantè a di l pa okouran si lajistis arete moun nan kad ankèt sa, li pwofite mande pou bon limyè fèt sou dosye a epi swete pou inosan pa peye pou koupab epi pou lajistis dekouvri si se yon men ki ta dèyè aksyon sa jan manman twa timoun ki brile yo ta fè kwè a.

Pi lwen, Rigaud Belizaire mande ak biwo afè sosyal nan depatman Grandans lan pou soumèt yon demann bay minis afè sosyal la Ariel Henry pou ta pran kesyon antèman timoun sa yo epi bay sipò finansye ak manman sa ki pèdi yon sèl kou 3 pitit li yo.

Komin Bonbon: Yon dife lakoz twa timoun mouri anndan yon kay

Dekouvri plis:

Haïti: l’essentiel de l’actualité du mardi 10 août 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu