Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Komisyon k ap chache yon solisyon ayisyèn nan kriz la fè apèl ak tout sektè pou jwenn yon akò politik

Komisyon k ap chache yon solisyon ayisyèn nan kriz la fè apèl ak tout sektè pou jwenn yon akò politik
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7
Getting your Trinity Audio player ready...

Komisyon k ap chache yon solisyon ayisyèn nan kriz peyi a ansanm ak Komite k ap apiye travay konferans sitwayen te pale ak laprès jodia pou eksplike eta avansman travay yo epi envite tout sektè anndan peyi a reyini pou jwenn yon akò politik.

Komisyon an gen plizyè rankont ki fèt deja avèk anpil sektè anndan peyi a sou kesyon kriz la, yon fason pou te kapab byen mennen travay la depi 4 mwa, se konsa Magalie Comeau Denis te kòmanse lapawòl yo nan eseye fè ti rale.

Josué Merilien sou bò pa l fè konnen dwe gen yon antant nan remak li te pote yo. Kote li fè konnen menm kan gen divèjans ant sektè yo dwe gen yon antant pou wete peyi a nan sa l ye a.

Pwofesè Merilien deklare tou se nou ayisyen ki pou dwe di ki kote peyi a prale, se pa etranje ki dwe vin enpoze desizyon malatchong. Se nan sans sa, Komisyon an fè yon apèl ak tout sektè pou met tèt ansanm pou evite danje ki pandje sou tèt peyi a yon fason pou pèmèt peyi a pran bon wout la.

Josué Merilien kwè ke dwe gen yon akò ki dwe jwenn sou baz yon konnsansis trè laj ak tout sektè yon fason pou retire malè pandje a sou tèt nou.

Jedi 15 jiyè ap gen yon konferans politik ak aktè yo pou kapab diskite pou jwenn akò sa pou met peyi a sou ray, si n kwè deklarasyon Josué Merilien yo.

Magalie Comeau Denis pote presizyon pou l di rankont 15 jiyè a se pa yon konvokasyon, se pa aji ak otorite pou enpoze yon bagay, se jis yon konsyans sitwayen pou pran desten an men.

Komisyon sa yo gen ladan l Magalie Comeau Denis, Ted Saint-Dic, Magalie Georges, Pasteur Jean Kisomair Dure, Sabine Manigat, Josué Merilien.

Depi apre asasina prezidan Jovenel Moïse, anpil moun kwè ke peyi a vid nan sa k gen pou wè ak moun k ap dirije. Doktè Claude Joseph asire enterima pou pale ak kominote entènasyon la epi kontinye fè Leta a mache malgre gen anpil kritik . Yon lòt bò gen yon PM nome ki se Ariel Henry kap fè konsiltasyon ak klas politik la pou fòme gouvènman li san nou p ap bliye prezidan Joseph Lambert Sena a chwazi kòm prezidan pwovizwa. Fòk nou souliye gen anpil pati politik ki deja siyen yon protokòt dentant , Gen Sektè Demokratik ki bay pozisyon li klè epi gen yon ansanm òganizasyon nan sosyete sivil la ki eksprime yo tou ki se Mache pou Lavi.

Komisyon k ap chache yon solisyon ayisyèn nan kriz la fè apèl ak tout sektè pou jwenn yon akò politik

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

Enstiti Duartiano nan Repiblik Dominikèn mande pou fwontyè a toujou rete fèmen

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu