Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Konbit san pou san: 200 moun ka sove 200 vi ak 200 pochèt san

Konbit san pou san: 200 moun ka sove 200 vi ak 200 pochèt san

Konbit san pou san envite popilasyon an vin bay san nan lokal Digicel Turgeau a, madi k ap 12 janvye 2020 an, ki se 11 zan komemarasyon pasaj tranbleman tè sou peyi a.

Nan jou sa, ekip Konbit San pou San an ap tann 200 moun pou 200 pochèt san ki ka pèmèt 200 vi sove. Nan yon ti pale ak Louino Robillard ki se youn nan manb ekip Konbit San pou San an, eksplike ke inisyativ sa pran yon fason pou pote kontribisyon yo nan koze manke san ki genyen nan estokaj nan nivo nasyonal la.

“Konbit San pou San an se yon inisyativ ki pran swit apre konsta ki ap fèt depi anpil tan. Toujou gen de moun ki bezwen san. Sa vle di estokaj san nan nivo nasyonal pa janm sifi pou kantite moun ki an bezwen. Franchman se tout moun k ap viktim de bagay sa epi nou deside pou nou pran inisyativ sa a”, eksplike mesye Robillard.

Pi lwen, Louino Robillard fè konnen apre 12 Janvye a yo p ap kanpe, jounen sa se jis yon lansman de inisyativ la ke yo konsidere kòm yon jou senbolik

“Non apre 12 janvye a nou pa vle kanpe la. Nou sèvi ak jounen sa kòm lansman, kòm yon jou senbolik, paske 12 janvye 2010 te gen anpil anpil ayisyen ki te mouri. Anpil nan moun sa yo pa t mouri imedyatman anba dekonb lan, moun sa yo anpil nan yo t al mouri nan soufrans, sou kabann lopital, se paske yo pa t ka jwenn san pou yo, yo mouri. Se sa k fè nou deside pou nou komemore jou sa nan memwa tout moun ki t ale nan 12 janvye 2010 yo. Nou pral selebre lavi, nou pral mete 200 moun ansanm pou nou bay 200 pochèt san pou nou kapab ede sove lavi 200 moun”.

Louino Robillard envite popilasyon an pran responsabilite l sitou moun ki an mezi kapab bay san, li envite yo fè sa regilyèman menm si se yon fwa pa ane yon fason pou pa gen pwoblèm san anndan peyi a.

12 janvye sa, Konbit San Pou San ap tann sitwayen yo soti 9 vè nan maten pou 4 trè nan aprèmidi, nan lakou Digicel sou Tijo a, pou vin bay san. Pochèt san sa yo, Konbit San Pou San ap remèt yo ak Sant Nasyonal Transfizyon Sangin (CNTS) ke yo fè patenarya ki se yon enstitisyon ki responsab pou kolekte san nan peyi Dayiti.

Pou jounen sa, Konbit San pou San jwenn sipò plizyè patenè pami yo E-Power, Fondation Digicel, Juno7, Konbit bibliyotèk Site Solèy, Fernando Live, Konbit Solèy Leve, Stop Accidents elatriye.

Plus de contenu