Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Konesans ak Louendy Chery, yon jèn ki rafle anviwon 7 pri

Konesans ak Louendy Chery, yon jèn ki rafle anviwon 7 pri

An Ayiti, fò souvan gen pwojektè nou konn bliye met sou moun anndan kominote a tèlman konn gen twòp bagay ki okipe lespri nou. Pami oubliye sa yo, Louendy Chery se youn ladan yo, yon jèn ki ranpòte plis ke 7 pri pami pri sa yo youn sou echèl entènasyonal la san konte depatmantal ak nasyonal.

Biyografi Louendy Chery

Louendy Chery se resan venkè “Pri etidyan ane 2020 an” ke Revue L’étudiant ba l nan kòmansman ane 2021 an. Louendy Chery ki gen 23 lane, fèt 27 me 1997, Okap, nan yon fanmi kretyen, daprè sa li di nou.

Li se dènye pitit nan yon fanmi ki gen 3 timoun. Li fè etid primè l nan kolèj Baptiste Redford epi etid segondè l nan kolèj Pratique du Nord. Touswit apre, li rantre nan Campus Henry Christophe nan inivèsite leta Dayiti nan Limonad kote l ap etidye medsin epi li se etidyan an lisans nan syans biyoloji ak chimi nan ISTEAH.

Louendy Chery, “Etidyan Delane” pou Revue L’étudiant

Jan nou te mansyone l pi wo atik la, Louendy Chery se resan venkè pri Etidyan Delane pou Revue L’étudiant, yon platfòm sou Facebook la ki toujou pran plezi dekore yon etidyan chak mwa epi bay yon pri sou ane a. Konsène a nan ti pale nou ak li te deklare pri sa se ak yon santiman fyète li resevwa l

“Se yon distenksyon espesyal ke m resevwa ak yon santiman fyète”, deklare venkè a.

Pandan l te kontinye pou l demontre sa k fè l kontan pou pri sa epi pwofite detaye sa l te akonpli sou ane a ki fè pri sa vini

“2020 te ekstrèmeman difisil. Mwen te angaje m nan kominote m nan yon kanpay sansibilizasyon kont kowonaviris. Mwen reyalize tou ti seyans videyo pou prevni kèk koz maladi kouran”.

Etidyan nan 4e ane medsin lan te kontinye pou l montre ke pri sa se pa yon kado pandan l te rale pri entènasyonal li ranpòte a pou kore sa l di yo

“An 2020, mwen patisipe nan dezyèm edisyon “Prix Jeunes Écritures RFI-AUF” kote m se loreya entènasyonal (pri piblik la). Yon konkou ekriti kote plis pase 40 peyi te patisipe… Jodiya, mwen gen yon tèks ki pibliye sou Shortédition avèk plis pase 43 100 lekti, plis pase 13 100 “like” et prèske 2 000 kòmantè”, esplike mesye Chery.

Apre pri Revue L’étudiant an ke Louendy Chery fin ranpòte, li fè konnen kamarad li yo te kontan anpil epi fyè pandan ke li te pwofite di li menm ke se fakilte kote l ap aprann lan ki genyen pri sa

“Yo te gon jwa enkwayab epi yo fyè. Pou sèten mwen se yon espwa, pou lòt mwen s on ikòn. E mwen m di se fakilte a ki genyen, se kanpous Henry Christophe nan inivèsite leta Dayiti nan Limonad ki genyen, se jenès la ki genyen”.

Tout pri Louendy Chery ranpòte yo

Pou laj li, jèn kapwa sa getan g on achiv ki ekstrèmeman enteresan kote li te loreya depatmantal konkou ekriti ki te òganize pa Dominicano-Haitiano Centro Tecnologico (DHCT) nan okazyon 9 van egzistans enstitisyon sa. Li te loreya nasyonal konkou ekriti ki te òganize pa lopital Convention Baptiste d’Haïti (HCBH) nan okazyon 10 lane egzistans yo.

Twa fwa loreya depatmantal diferan konkou ekriti ke Compassion Haïti òganize. Li te loreya nasyonal an 2016, konkou ekriti sou domestisite òganize pa Compassion Haïti. Li te loreya nasyonal pou kategori etidyan konkou tèks OPC te òganize an 2019 sou respè dwa moun. Li pran an 2020 an pri jèn ekriti RFI-AUF 2020 ki s on pri entènasyonal epi resamman lan li sot ranpòte pri etidyan Delane ke Revue l’étudiant sot bay la.

Nou ka remake majorite pri yo gen rapò ak ekriti epi se Louendy ki sanse pran yo olèmen. Rezon sa se paske jèn etidyan an medsin sa g on pasyon pou ekriti, depi a 9 van li ekri premye tèks li. Selon sa l konfye nou, premye tèks sa se te pou manman l li te ekri l nan okazyon fèt manman. Pandan l te tou pwofite di nou: “Se depi lè sa pou jiskounya mwen pa janm kanpe ekri ki fè m ranpòte anpil konkou ekriti nan nivo depatmantal, nasyonal ak entènasyonal”.

Pou rete sou chemen ekriti a, Louendy Chery fè konnen an mas pwochen l ap pibliye premye rekèy powèm Nouvèl li k ap pote non “Le Miniscule Géant et autres nouvelles”. Pandan l te pwofite di nou li vle tounen yon medsen k ap ekri

“Mwen se pasyone lekti ak ekriti. Mwen vle vin yon medsen k ap ekri. Mwen vle ekri pou m fè avanse lasyans. Kòm mwen pa twò konplike mwen ap kontinye ekri sou sa m wè ak tande(ri)”, deklare Louendy.

Louendy Chery te konkli pou l mande jenès la enplike l aktivman, pwodui bon ide pou kominote a k ap soufri anpil. Pandan l te lache pawòl sa

“Mwen kwè san relach que chanjman posib avèk jenès ayisyèn lan”.

Dekouvri plis:

Akayè: Detay sou Lyonel Dela, fanatik ki pran bal nan tèt la

Plus de contenu