Connect with us

Hi, what are you looking for?

Confidences

Konfinman san lanmou.

KONFINMAN SAN LANMOU

M pa tap janm panse sa tap di konsa lè yon moun fèmen yon kote menm si se yon bèl kay, menm si ou gen televizyon, kab tele ayiti, entènèt.
Gen moun ki ka di: “Fi sa pa gen rezon poul plenyen”

Petèt pou yo se byen m ka twò byen.
Men eske gen degre nan zafè soufrans?
Eske li pa pi di lè w ap soufri nan kè w an silans?
Eske m p ap toufe tout bon vre si m pa pale?

M ap viv nan kay ak fanmi m ki konpoze de mesye ki Mari m nan ak de pitit nou yo.
De ti moun mwen yo se de zye nan tèt mwen, m renmen yo anpil.

Tifi a gen 7 tan epi ti gason an gen 3 zan. Sitiyasyon ekonomik mwen pa pi mal paske ni mwen ni mesye a n ap travay.

Sak banm pwoblèm se depi lè Prezidan repiblik la anonse koze konfinman sa.

Fò m di n mwen ak mesye a te achte tout sa ki nesesè pou n te ka jere tèt nou. Tout engredyan alimantè, kosmetik elatriye… nou te menm kouri achte de nouvo batri invètè mete sou sa nou te gen deja yo dekwa pou n pat manke enèji pou tout afè nou fonksyone.

Men m potko konpran nan ki sa m ta pral ye. M pat panse ke konfinman t ap vin sanble prizon pou mwen. Depi sou 3 jou m komanse pa alèz nan po m menm paske ant mwen ak mari m pa gen lanmou ni atirans depi lontan.

Pou m onèt m pa renmen l ditou e li menm tou dayè. Men m te fin fè tèt mwen yon rezon e nou viv san dram chak moun jere zafè yo n ap jere fwaye a pou ti moun yo.

Mwen pat gen bon matirite m te trè jèn lèm marye avèl e se sitou paske li te gen yon bèl avni devan l e ke m te santi li te ka asire m ekonomikman. Saw pa konen toujou kalew…

Nèg mwen renmen an li rele Jhonny….sa fè 4 an il se menaj mwen.

Depi lè m konfine anndan kay ak mari m nan, mwen wè l vle rale m anba vant li. Men onètman m paka wè l ni tande vwa l. Misye menm chire kilòt mwen avan yè swa, men m te tou jwenn yon pretèks pou m pat kite l touche m.

Sak manke m se menaj mwen. Se ti karès li yo. Se sant li, ti chalè pol…

Lè swa lè m kouche m santi se Jhonny ki ta pou dèyè do m, e souvan anvi an konn telman fò nan kòm m konn oblije fèmen nan douch la ap li ti ansyen mesaj, gad ti foto jiskaske m santi li la e satisfè tèt mwen tou piti, menmsi anvi an pa janm ale vre.

Mennaj la vire lòlòj mwen e se tankou rete fèmen nan kay la fèm renmen nèg la plis. Met sou sa, m santi prezans mari m nan deranje m. Banm di pito ke m vin paka sipote prezans li. Lè l manyen m m pa santi anyen. Fè bagay avèk li te toujou yon soufrans akoz de grosè zafè li, tandiske mennaj mwen an se yon siwo e li toujou pran san l pou l fem santim fanm…
Pafwa m santi kèm ap bat fò, e souvan twò anvi l banm tèt fè mal.

M pa konn si se sèl mwen k ap viv sitiyasyon sa nan peryòd konfinman an e si gen moun kap viv li, li konn doulè sa m ap pale la. Kè m sere m pa ka manje. Si m rete ak mari m toujou se paske timoun yo piti. M pa vle fe yo viv divòs. Se sèl pou yo. Konfinman sa pa fasil pou mwen menm.

Konfine san mennaj mwen se tankou m te nan prizon… Soufrans lan di pou mwen, e m santi strès ak depresyon preske fini avè m. Chak lè je m tonbe nan je mari m nan m santi m ta di l tout vérité, men m konnen se pa sa kap bon…mwen sere dan mwen.
Men jiska kilè map ka kenbe ankò? Eske yon jou nan depresyon koze a p ap sòti ? Si w te nan plas mwen kisa w tap fè ?

Al li sa tou 👇🏾

Konfinman nan fènwa

Plus de contenu

Histoire

« Je ne veux pas quitter Haïti et je compte me battre pour mon avenir, ma famille et mon pays ». Vautré sur une...

Confidences

Yon jèn demwazèl 26 lane avwe nou li te fè pwostitisyon pou l peye inivèsite l. Lyse ki se yon jèn demwazèl ki gen...

Confidences

Nou pataje avèk ou jodi a temwanyaj yon jèn gason ki pa deside kache idantite li. Nap kontinye envite tout moun ki santi bezwen...

Actualités

Pour alléger le poids du confinement, Rockfeller Pierre, fondateur de l’Académie Tempo Plus, présente la danse comme alternative. Dupuis mis-décembre 2019 – date de...