Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Konnen plis sou komedyen Jeff Oka, atraksyon rezo sosyo a

Konnen plis sou komedyen Jeff Oka, atraksyon rezo sosyo a

Depi plizyè mwa, li vrèman difisil pou w pa wè yon moun nan antouraj ou poste oubyen pou w pa tonbe sou rezo a sou videyo Jeff Oka ki souvan anndan yon machin k ap fè videyo pou fè moun ri. Apa de videyo yo epi vizaj komedyen an moun konnen, anpil moun k ap gade pa vrèman konnen plis sou jèn komedyen sa ki kreye yon idantite sou rezo sosyo a, kote avan l te lage nan komedi li te konn ranje telefòn. Redaksyon Juno7 te pale ak li.

Jeff Oka ki gen pou bon non Jeff Veillard fèt 1e out 1993, kidonk li gen aktyèlman 27 rekòt kafe. Daprè sa li di nou, li fèt “Morne lazard”, komin Petyonvil. Men, li leve “Nerette” toujou sou komin Petyonvil. Jeff Oka fè etid primè l nan yon lekòl evanjelik ke l pa t site non, apre li ta pral pousib etid li nan Lise Nasyonal Petyonvil pou l boukle li nan kolèj “Socrate” ki nan Dèlma 92.

Anpil moun toujou ap tande non Jeff Oka, gen moun ki konn menm di Jeff Okap. Konsa tou, gen lòt ki anvi konnen si se bon non l oubyen kote non sa soti. Enterese a te eksplike nou l konsa:

“Non Jeff Oka se yon bon zanmi m ki ban m li paske lè nou te piti nou fòme yon ti gwoup rap ki te rele Dragon Clan. Epi, zanmi an di non atis Jeff se Oka epi tout moun rele m Jeff Oka”.

Sitwayen an te kòmanse ap pran yon popilarite sou rezo a pandan peryòd kowona a te trè an vòg anndan peyi a. Videyo moun te pataje anpil ki ta pral fè anpil moun kòmanse dekouvri l tout bon se kote li t ap bay detay sou pri manje yo epi demontre konbyen kòb yon moun bezwen si l vle fon bon ti manje. Yon videyo ki te  dekri reyalite a melanje ak anpil komedi ki pa ka fè w pa ri.

Si se seri videyo sa yo ki fè anpil moun ap dekouvri Jeff Oka, li fè nou konnen l ap fè komedi lontan sa, epi l retrase pou nou kote filing lan te kòmanse.

“M te tripè lekòl. Kraze klas, trip sou zanmi se pasyon m. Epi, yon lè m deside fon ti videyo pou m trip sou yon zanmi m, tout moun te renmen videyo a epi baw m pran filing ladan l epi men ni (ri)”.

Si videyo sa jan Jeff eksplike a se li k te deklik li pou te pouse l fè komedi, li fè konnen tou ke l rantre nan sektè sa paske l renmen jan l fè komedi a pandan l ajoute pou l di se sèl li ki vann li konsa avèk bagay ki nouvo.

Pi lwen, Jeff Oka fè konnen li fè komedi pa l yo konsa jis pou l vann reyalite peyi a pandan moun ap ri. Se rezon sa daprè sa li estime ki fè li fè yon bagay ki orijinal ak li.

Majorite videyo Jeff Oka yo fèt anndan yon machin, li toujou swe ou ta ka di figi l toujou plen lwil oubyen chaje grès. Apre kesyon nou sou figi l, men kijan li te eksplike l

“Rezon ki fè figi m toujou swe an se paske se nan yon machin abandone m fè videyo a. Lè m ap fè videyo a, si m desann vit machin lan, bri moto ak mizik ap antre anba videyo a. Lè sa, YouTube p ap rekonèt li, mwen oblije fèmen kò m anndan machin nan jis pou m fè l pou l vin yon idantite pou mwen”.

Nou ka etone, moun Jeff Oka prefere oubyen renmen pa yon komedyen, li rele Fatal ki se yon aktè ayisyen ki jwe nan fim Alelouya. Li te tou pwofite di nou feedback li jwenn bò kote fanatik yo ineksplikab pou jan yo renmen li.

Jeff Oka gen aktyèlman 153 000 moun k ap swiv li sou IG, 18 800 moun abòne ak chèn YouTube li, 19  850 moun like paj Facebook li epi li gen 25 800 moun sou Twitter. Tout moun sa yo vini gras ak travay l ap fè sou rezo a, li te tou pwofite voye yon mesaj bay jèn parèy li k ap itilize rezo sosyo mal pou l di yo

“Chache yon bagay nou kreye, chache yon bagay ou fè, rann tèt ou itil paske anyen p ap vin jwenn ou si w pa ale chache l”.

Pou n fini, Jeff Oka pa selibatè medam, li gen mennaj men l pa ko gen pitit. Na wè demen si bandi vle!

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Foutbòl: Rezon ki fè te gen 15 mil nounous nan stad Heerenveen lan

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Fatima Altieri reyaji sou tweet Jeff Oka fè yè sou li a, ki pou li menm se yon ensitasyon a vyòl. Jeff Oka anpil...

Société

Les propos insensibles de Jeff Oka sur Altieri Fatima mettent en évidence les problèmes de la culture du viol en Haïti et l’importance de...

Divertissement

Coup d’oeil sur Cantave K., ce jeune comédien aux grandes ambitions qui cartonne les réseaux sociaux Cantave K., ce jeune talent d’un quart de...

Culture

Jouvens Séjour dit “Papy G Nèg nen an“, un épicurien haïtien qui a la comédie dans la peau. Le 1er avril 1990, à la...