Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Konsila Jeneral Ayiti nan Atlanta òganize yon ekspozisyon liv kreyòl nan okazyon jounen entènasyonal lang kreyòl la

Konsila Jeneral Ayiti nan Atlanta òganize yon gwo aktivite, samdi 26 oktòb 2019 la, 2 jou avan 36zyèm edisyon jounen entènasyonal lang kreyòl la, ki selebre chak 28 oktòb. Aktivite sa a ki te gen pou non « Anbyans Kreyòl » te òganize nan lide pou konsila a fè pwomosyon kilti kreyòl la ak pèmèt kominote ayisyen an nan Atlanta gen plis lide sou enpotans ak itilizasyon lang kreyòl la ki se zantray tout ayisyen, nenpòt kote y ap viv.

Pandan jounen sa a, responsab yo nan konsila a te òganize yon ekspozisyon ak plis pase 40 liv ki ekri nan lang kreyòl ak sipò bilbiyotèk mouche François Nau ki se antreprenè epi ekriven ayisyen.

Eskpozisyon sa a, te pèmèt kominote ayisyen an nan Atlanta rive dekouvri yon nouvo ekriven, ki se Jacques Julmice k ap viv li menm tou nan Atlanta. Lotè a te siyen premye liv li ki genyen pou non : « Creole meets english », ki se yon zèv literè k ap pèmèt yon moun aprann kreyòl ak fonetik anglè yo.

Se te lokazyon pou Ronald Cetoute ki fè pati « Bèl Inisyativ » ki se yon pwogram chanm komès Ayisyano-Ameriken pou tanmen yon deba ak lotè a sou kisa ki motive l ekri liv sa a.

Te genyen tou nan aktivite sa a prezans Winnie Hugot Gabriel, ki te pwofite prezante pwemye liv li a ki rele : « 60 parcours d’exception ». Lotè a te pran tan pou pale sou enplikasyon fanm yo nan chanjman peyi Dayiti.

Se te tou lokazyon pou madanm Marie Cassandre Merizier ki te reprezante « International Woman of Hope » nan aktivite a bay piblik la bonjan enfòmasyon sou lotè a.

Otorite nan Konsila Jeneral Ayiti a nan Atlanta, te mete aksan sitou sou timoun ki te prezan nan aktivite a. Konsa madanm Stephanie Sainvil ki se manm « Haitian-Americain Youth Reaching Out (Hyro) et PearlNwa », ki se yon òganizasyon ki travay ak timoun epi granmoun, te genyen pou responsabilite pou pèmèt timoun yo dekouvri kèk chan ak fraz kreyòl.

Fòk nou di, anplis ekspozisyon liv sa a piblik la te genyen lokazyon manje kèk bon manje kreyòl tankou : soup joumou ak kafe ayisyen « Itiah » Reginald Grand Pierre prepare.

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Aka selebre jounen Entènasyonal lang ak kilti kreyòl: lang kreyòl, lang fyète, lang rezistans Jounen jedi 28 oktòb la se Jounen Entènasyonal lang ak...