Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Kopa Amerika: Brezilyen yo kritike Ajanten yo ki “sabote” final la

Kopa Amerika: Brezilyen yo kritike Ajanten yo ki "sabote" final la

Ajantin ranpòte viktwa sou Brezil 1-0, nan final kopa amerika ki t ap òganize nan peyi Neymar ak koyekipye l yo.

Touswit aprè match sa, nan yon konferans pou laprès, antrenè brezilyen an Tite ansanm ak defansè Selesawo a kritike jwèt ajanten yo t ap pwodwi sou teren an.

Si Tite pa fair-play felisite advèsè l la apre viktwa a men apre sa li pa t met dlo nan bouch li pou di: “Te gen yon jwèt gason pa kanpe. Nou te vle jwe, men sa nou te jwenn se jwèt koken. Tout tan se fot. Reta pou frape. Pa t gen ritm e nou te vle jwe. Estrateji yo se te kase jwèt la”.

Thiago Silva ansyen jwè PSG a k ap jwe anndan Chelsea kounya te pran lapawòl pou ale prèske nan menm sans ak antrenè Tite, “Nan dezyèm mitan an, pa t gen match. Yon sèl ekip te vle jwe. Se te “Catimba”(pratik antije) ki t ap pwodui. Se pa yon eskiz. Nou pa t jwe jwèt nou nan premye mitan. Men se te yon match rache pye difisil. Nou dwe tire leson sou koumansman premye mitan nou an”.

Final sa, se pa t yon match ki te bèl an espektak kote anpil kontak fizik, match la te kanpe tout tan akoz anpil fot tou lè 2 kote yo. Ajantin fè 19 fot, Brezil fè 22. Gen 9 katon ki bay nan match sa kote ajanten yo pran 5, brezilyen yo pran 4.

Brezil fini match sa ak 59% posesyon kont 41 pou Ajantin. Sa pa anpeche se ajanten yo ki ranpòte viktwa apre yon lòb Angel Di Maria nan 22è minit. Yon grenn gòl ki te kole.

Viktwa sa fè Ajantin ranpòte 15èm twofe l nan konpetisyon sa ki fè l gen menm kantite ak ekip Irigwey la.

Kopa Amerika: Brezilyen yo kritike Ajanten yo ki "sabote" final la

Dekouvri plis:

Kenbe Diyite ak entegrite a, pa pran plezi nan pataje foto chokan sa yo

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Emiliano Martinez, youn nan “bwa dèyè bannann” ekip Ajantin lan pou nouvo tit Kopa amerika Emiliano Martinez, 28 lane, se pa anpil moun ki...

Sports

L’Argentine élimine la Colombie aux tirs au but et rejoint la formation Brésilienne en finale L’Argentine a éliminé la Colombie à l’issue de la...

Sports

Le bresil bat le Pérou et file en finale Le Brésil et le Pérou ont ouvert, ce lundi soir, le bal des demi finales...

Sports

Brésil bat la Colombie dans la douleur En toute fin de match , le Brésil arrache une victoire contre la formation Colombienne sur le...