Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kote Vladjimir Legagneur? Nap kite sa pase konsa?

Depi 14 mas, jounalis-fotograf Vladjimir Legagneur disparèt pandan li te ale nan katye Grand-Ravine nan kad yon dosye li tap travay pou l pwodui yon repòtaj. 14 jou aprè, pyès moun pa gen nouvèl ak kontwòl jèn gason 30 lane sa. Madanm ap kriye, fanmi enkonsolab, zanmi atriste, kolaboratè ak konfrè jounalis enkyete. Men, èske nap jis kite sa pase konsa?

Jounalis la disparèt kon kout zeklè, medya lokal ak entènasyonal gaye nouvèl la, tout rezo se sa ki pale, men e tankou ou pa vrèman santi dilijans otorite yo. Èske nou pral jis kontante nou mache demen mèkredi 28 mas sou chanmas pou rive devan pakè? Èske nou menm jounalis ki gen mikwo ak plim, nou pap kole pèsèt nan kò otorite yo? Sipoze gon ankèt ki pou di sa Vladjimir Legagneur “devenu”. Nou pa dwe dakò bagay Evinx Daniel la repwodui la, pou sitwayen pral plede di : “le journaliste est toujours porté disparu”Nap kite sa pase konsa?

Chak tan madanm li pa wè l antre, nou konn sa sa vle di? Chak tan jou ap pase, fanmil pa ka konn si l ap viv ou mouri, nou konn sa sa vle di? Jodia se Vladjimir, demen li ka wou, li ka mwen, li ka nou tout pèp ayisyen. Nou bezwen konnen si l mouri, si l ap viv. Ki sans sa ap genyen pou chak tan pou moun ap di “il est toujours porté disparu”. Nap kite sa pase konsa?

Jodia yon egzanp dwe trase, nou dwe voye yon mesaj kòm pèp pou n pa aksepte tout bagay. Nou son pèp ki aksepte tout bagay tèlman nou pasif, nou renmen pran kaka poul pou ze, nou toujou renmen di depi epa mwen sa rive. Vladjimir Legagneur pat bezwen fanmi w, zanmi w, vwazen w pou w revandike e rete veyatif pou konn kijan dosye disparisyon sa ye. Nap kite sa pase konsa?

Son pasyon ki te travèse ki fè li te al Grand-ravine, nan sousi pou l fòmeenfòme ak divèti popilasyon sou jan Grand-ravine ye. Kiyès ki pa tap renmen konnen sa l pote sot Grand-ravine? Li pa fèt souvan pou wè jounalis isi al fè dosye teren nan zòn ki renmen cho pa bò isi, Vladjimir gen kran ak kouraj li ale, paske l te vle itil nan sa l tap pote pou popilasyon an. Nap kite sa pase konsa?

Nou dwe egzije bon ankèt, nou pa ka ap repete rimè laria kap di l mouri. Se otorite konsène peyi m ki dwe bay repons prese prese. Nou menm ayisyen dwe di sa pa sipoze pase comme une lettre à la poste. Si nou kite sa pase san okenn reyaksyon, nap wè nou bliye Vladjimir, yon lòk ka repwodui epi sa ap vin kòm abitid. Lap jis rezime se nou ki fèb kòm pèp, ki rann leta a pa fò. Kreyòl ekri, Kreyòl konprann!

[views]

Plus de contenu

Éphéméride

Les éphémérides du jour: Les fêtes nationales, les événements importants … ce 14 mars 2022 l’agence Juno7 vous apporte un rafraîchissement de la mémoire....

Éphéméride

Les éphémérides du jour : Les fêtes nationales, les anniversaires des personnalités et les événements importants, les proverbes… l’agence Juno7 vous apporte un rafraîchissement...

Annonces

Depuis lundi 13 août, à 8h30, Zikensly CIMA, âgé de 12 ans, a disparu à Solino, banlieue Nord de la capitale haïtienne alors qu’il...

Actualités

Dépassée par les évènements et les causes ayant conduit à la disparition spectaculaire de Vladjimir Legagneur, dépassée aussi par les critiques des uns et des...