Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Koup Dewòp: twa gwo ekip elimine byen bonè, konpetisyon an make sipriz

Koup Dewòp: twa gwo ekip elimine byen bonè, konpetisyon an make sipriz

Lawolann, Pòtigal ak Frans se 3 gwo moso nan koup dewòp la ki mare pakèt yo byen bonè nan konpetisyon an. Yon bagay moun pa t panse sitou pou Frans ak Lawolann ki pa t gen twò gwo nasyon foutbòl an fas yo sou papye.

Depi yè dimanch lan ekip Lawolann lan ki te nètman siperyè ekip Tchyèk la sou papye te pran 2-0. Ekip Lawolann lan ki te youn pami favori dèyè do Frans, Pòtigal te arive wè desten l kanpe apre 90 minit boul.

Apre defèt sa devan ekip Repiblik Tchyèk la ki an 40èm nan klasman FIFA a, sa ta pral konfime pi plis etikèt ekip bèl mayo, louzè yo toujou ap atribye ak ekip oranj lan.

Bèljik pouse do chanpyon an tit lan nan konpetisyon an

Ekip Bèljik la ki gen Lukaku, Hazard, De Bruyne elatriye arive mete deyò bèl ekip Pòtigal la ki gen Cristiano, Moutinho, Bernardo Silva, Renato Sanchez, Pepe. Dyab wouj yo manje chanpyon an tit yo ak yon grenn gòl ki te make nan 42èm minit pa Thorgan Hazard.

Malgre tout sa pòtigè yo fè pou te arive egalize epi espere pase devan nan eskò a, sa pa t janm posib. Tank minit t ap pase, koyekipye Cristiano Ronaldo yo t ap asiste bato yo ki t ap koule.

Defèt sa tou lakoz Cristiano kanpe ak 5 gòl anndan konpetisyon an.

Swis yo kreye sipriz sou Frans

Byen avan match sa, fòk yon moun ta oze di swis ta pral remonte eskò pou fè 3 gòl epi mennen Frans nan tiwobi.

Laswis kreye sansasyon an lè li rete li jwe tèt pou tèt ak fransè yo. Malgre penalite yo te rate pa Ricardo Rodriguez epi 3-1 fransè yo t ap mennen avèk 2 gòl Benzema, ekip Swis la arive remonte 2 gòl epi mennen ekip fransèz la ki te konsidere kòm favori nan tiwobi.

Nan tiwobi, Laswis pase sou Frans 5-4 apre Kylian Mbappé rate chout pa l la.

Yon kalifikasyon ki siprann anpil moun lè nou konsidere tout elòj ki te gen pou ekip Frans sa ki te finalis an 2016, chanpyon mondyal 2018.

Demen yon lòt gwo moso sipoze tonbe nan rankont ki mete Almay fas Angletè a. Pou kounya rete Itali ki te manke konn jòj tou fas ak Otrich, Espay ki sot retounen yon sitiyasyon jodia kont Kworasi epi Almas ki pral goumen ak Angletè demen pou konn kiyès k ap rete.

Anndan konpetisyon sa nou dwe siveye tou Dànmak, Repiblik Tchyèk ak Swis ki montre yon nivo foutbòl enteresan. Atansyon pou yo pa yon sipriz.

Koup Dewòp: twa gwo ekip elimine byen bonè, konpetisyon an make sipriz

Dekouvri plis:

Affaire Petrocaribe: appel interjeté, les comptes bancaires doivent rester bloqués, dixit André Michel

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Dominasyon espanyòl yo, sa pa anpeche seleksyon foutbòl Itali a arive jere match li epi kalifye pou final koup dewòp la apre tiwobi ki...