Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Koup di mond Slam: Pou premye fwa, yon ayisyen ap reprezante peyi a

Nerva Noël anpil moun konnen sou non Nervno Fils De Plume se jèn eslamè ayisyen sa ki gen 26 lane k ap gen pou reprezante peyi a nan vil Paris peyi Frans, nan koup di mond Slam k ap fèt soti 11 pou bout 16 me k ap vini la.

Jan nou di l pi wo a, Nervno se premye ayisyen ki ap reprezante peyi a nan mondyal sa ki gen 19 lòt eslamè pou 19 lòt peyi diferan. Konpatriyòt la nan yon ti pale ak sal redaksyon Juno7 la te eksplike ki sa k fè l renmen Slam epi bay detay sou tounwa sa sitou nan sa ki gen pou wè ak kritè seleksyon eslamè yo

“Mwen renmen pwezi, mwen renmen ekri, mwen renmen eksprime m, se sa ki te eksite m. Sa  te koumanse nan ane 2013 depi lè sa mwen kenbe avèk li”. Li te kontinye pou l di: “Koup di mond slam lan k ap fèt an Frans lan kritè seleksyon yo an prensip fòk ou chanpyon nasyonal lakay ou.

Ane pase Ayiti pa t gen chans fè yon tounwa nasyonal akoz kowona ak yon seri lòt bagay ki te vin genyen men sa pa t anpeche sou ansanm de travay ke moun lan fè yo bay yon seri pri, kòm mwen te ranpòte pri meyè eslamè deseni ayisyen an sa ki te pèmèt mwen lejitim pou m reprezante Ayiti nan koup di mond Slam lan”.

Nervno nan poul A anndan konpetisyon sa. Yon poul ki gen 3 lòt eslamè ki soti nan peyi Mawòk, Kot Divwa ak Japon. Meyè eslamè ayisyen an pou 10 dènye ane yo pa montre okenn enkyetid paske selon sa l di li kwè l ap kalifye epi fè Ayiti fè yon bèl figi pandan l pa kache pou l di gwoup li ye a gen anpil nivo

“M pa enkyete m parapò ak sa ki antoure m. Sa ki enpòtan pou mwen se sa m ap fè a, m ap jis fè sa m dwe fè a. Mwen konnen m ap kalifye epi mwen prale nan yon faz siperyè menm konnen poul la li solid se yon poul ki trè sere. Objektif premye a se chanpyon konkou a men sa ki pi enpòtan an se fè Ayiti fè yon bon figi, se leve drapo Ayiti a wo”.

Okenn antite nan Leta a po ko pran Nervno Fils de Plume an Chaj

Si jèn konpratriyòt sa pral reprezante Ayiti epi pèmèt peyi a patisipe premye fwa nan koze koup di mond Slam, Nervno deklare pou nou li po ko jwenn nan moman entèvyou a t ap fèt okenn sipò antite nan  Leta a. Pakont, gen kèk moun ki fè l pwomès pou  ede l men ki po ko respekte pwomès yo

“Jiskaprezan mwen po ko jwenn sipò Leta a ni okenn antite. Menm si m jwenn kèk moun ki fè m pwomès, kèk moun ki rele m, men anyen konkrè po ko fèt”, daprè sa Nervno avwe.

Manb òganizatè koup di mond Slam lan garanti ak Nervno koze otèl ak manje pa sou kont li men frè pou biyè avyon ale ak retou epi kèk frè pòch dwe jere pa eslamè a, sa valab pou tout lòt 19 yo k ap reprezante peyi yo, se nan sans sa Nervno espere jwenn sipò moun nan Leta a oubyen Prive ak kèk sitwayen tou pou ta kouvri frè sa yo pou li.

Nervno ki apresye rapè Youssoupha ki Slam tou, ap pare pou eslame nan plizyè lang tankou kreyòl,  fransè epi gen nan tèks li yo ki gen pati lang anglè ak swahili ki se yon lang afrikèn.

Kiyès ki Nerva Noël la?

Nerva Noël ki bay tèt li non Nervno Fils de Plume gen 26 lane. Li etidye sikoloji nan fakilte Etnoloji anndan Inivèsite Leta a. Li gen 8 an depi l ap fè eslam men li gen 5 an depi l pwofesyonèl ladan l. Li se premye ayisyen ki fè album slam epi premye ayisyen tou ki kalifye peyi a pou koup di monn slam. Li te loreya konkou talan Enstiti Fransè an Ayiti te òganize an 2015 ki te tou fè l benefisye yon 2è album eslam varyete ki te kolektif. Ane pase li deziye meyè eslamè ayisyen pou 10 dènye ane yo.

Detay sou gwoup pou koup di monn Slam lan

18è edisyon an ap fèt an Frans nan vil Paris. Ekip ki te chanpyon dènye edisyon an se Espay ki la ankò epi reprezante pa eslamè Olza Olzeta.

Konpetisyon an ap demare 11 me pou bout 16 me kote gen 18 peyi kalifye. Gen 4 gwoup, 2 gwoup ki gen 5 peyi epi 2 lòt gwoup yo gen 4 peyi.

Ayiti nan gwoup A ki gen Mawòk, Kot Divwa ak Japon. Poul B a genyen Nòvèj, Lawoland, il Moris, Espay ak Madagaska. Gwoup C nou jwenn Polòy, Izrayèl, Itali ak Ekòs, epi gwoup D a genyen Brezil, Pòtigal, Risi, Frans ak Angletè. Si se te nan foutbòl, amoure balon won yo t ap di dènye gwoup la se poul lanmò an.

Dekouvri plis:

MENFP: Publication des résultats des examens de la session des recalés

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

L’histoire du policier Keseul Belizaire, honoré par le Centre Toussaint Louverture pour son texte de slam intitulé “Mélodie de Conscience Patriotique”. En février dernier,...

Culture

Avec la voix mielleuse de Pandore, Michelot Le Cupidon, l’une des étoiles du groupe “Le Classique Haïti”, le jeune poète nous livre sur un...

Culture

Le jeune poète haïtien Michelot Le Cupidon annonce déjà la couleur avec la voix de la jolie Tessa dans un slam intitulé Bèl Mè Ka Manman...