Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Kowonaviris: aprè 28 jou nan koma, yon enfimyè reveye aprè yo fin ba l vyagra

Kowonaviris: aprè 28 jou nan koma, yon enfimyè reveye aprè yo fin ba l vyagra

Kowonaviris: aprè 28 jou nan koma, yon enfimyè reveye aprè yo fin ba l vyagra.

Mónica Almeida se non yon pòtigèz 37 lane ki reveye aprè 28 jou li te fin fè nan koma akoz maladi kowonaviris la. Selon sit Yahoo.com ak plizyè lòt medya etranje, pasyant lan te resevwa vyagra kòm tretman ki fè li arive soti nan koma.

Jèn enfimyè sa te teste pozitif nan kowonaviris 31 oktòb ki sot pase a, se yon moun ki soufri “asthme”. Malgre li te resevwa 2 dòz vaksen yo, li te pèdi gou ak odè epi ta pral krache san sou katriyèm jou li te fin teste pozitif la.

9 novanm, yo ta pral pote l lopital akoz li pa t ka respire.  Yon semèn pita, yo ta pral oblije transfere l nan swen entansif. 16 novanm, medsen nan lopital konte Lincolnshire nan peyi Angletè ta pral plase l nan yon koma atifisyèl pou 28 jou, daprè jounal britanik The Sun. 

Lè li ta pral reveye, se nan moman sa medsen yo ta pral revele se yon fòt doz vyagra yo te ba li nan kad tretman eksperimantal li te aksepte byen avan li te tonbe nan koma a. Medikaman an amelyore eta sante l nan sèlman yon semèn. 

16 novanm li te rantre nan koma a epi soti ladan l 14 desanm ane pase. Pou li menm se yon mirak ak kado nwèl li jwenn.

Mónica Almeida gen 37 lane, li gen 2 pitit, li se yon enfimyè ki espesyalize l nan respirasyon. Li se yon  pòtigèz men l ap travay nan yon lopital britanik nan konte Lincolnshire. Se nan peyi Grand Bretay aksyon sa pase tou.

Kowonaviris: aprè 28 jou nan koma, yon enfimyè reveye aprè yo fin ba l vyagra

Dekouvri plis:

Comment échapper à l’inconstitutionnalité des accords ?

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Nan yon atik jounal “The Telegraph” soti, fè konnen ou ka pran kowonaviris lè yon moun pete. Jounal britanik lan “The Telegraph” nan yon...

Santé

Kowonaviris la kontinye ap taye banda pa bò isit. Chif MSPP yo kontinye ap ogmante nan chak bilan otorite sanitè yo mete deyò. Nan...

Santé

Laprezidans nan peyi vwazen anonse yè dimanch lan yon dam 121 lane ki fèt 13 mas 1900 pran vaksen kont kowonaviris nan pwovens Puerto...

Santé

Prezidan kou kasasyon an, jij René Sylvestre teste pozitif nan kowonaviris, daprè sa redaksyon Juno7 la aprann. Jij René Sylvestre twouve l aktyèlman nan...