Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Kowonaviris: Peyi Dayiti resevwa don 500 mil dòz vaksen “Moderna”

Kowonaviris: Peyi Dayiti resevwa don 500 mil dòz vaksen "Moderna"
Getting your Trinity Audio player ready...

Peyi Dayiti resevwa 500 mil dòz vaksen Moderna kont kowonaviris.

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon enfòme jounen mèkredi a ke peyi Dayiti resevwa 500 mil dòz vaksen kont kowonaviris la.

Don vaksen sa se kado peyi Etazini fè nou nan kad inisyativ Covax la, si n kwè nòt MSPP a.

Pi lwen, otorite MSPP yo estime lo vaksen sa se yon etap enpòtan nan lit gouvènman an ap mennen pou kapab fè vaksen kont kowonaviris la rive jwenn popilasyon an, yon fason pou lite kont maladi a.

MSPP estime 500 mil vaksen sa pral pèmèt yo lanse kanpay kont kowonaviris anndan peyi a epi garanti gen lòt vaksen k ap kontinye rantre nan peyi a pou vaksinen popilasyon an.

Dènye chif MSPP yo sou evolisyon maladi a anndan peyi a fè konnen gen 79 nouvo ka ak 5 moun ki mouri an plis, sa ki bay yon total 19 374 ka konfime, 3 180 moun pase lopital, 487 moun mouri epi 12 977 moun trete.

Kowonaviris: Peyi Dayiti resevwa don 500 mil dòz vaksen "Moderna"

Dekouvri plis:

Ansyen depite Victor Profane deklare priyorite Bouclier se jistis pou Jovenel Moïse

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... Haïti pourrait bientôt bénéficier d’un vaccin contre le choléra L’Organisation mondiale de la santé (OMS) a annoncé ce...

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... COVID-19-Haiti : le port du masque n’est plus obligatoire en plein air, annonce le Ministère de la Santé...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Nouvelle-Zélande: un homme se fait vacciner dix fois en une journée contre le coronavirus. Un homme dont son...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Italie/Covid-19: un homme démasqué après avoir tenté de se faire vacciner avec un bras en silicone Un homme...