Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kowonaviris: MSPP pran yon gwo desizyon nan sak gen pou wè ak kanpay vaksinasyon an

Nouveaux cas Covid-19 / Pour le MSPP, il n'y a pas d'épidémie de fièvre

Nan yon avi li mete deyò ki pote siyati minis doktè Marie Gréta Roy Clément, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) enfòme enpòtatè ak distribitè pwodui famasi ki anrejistre yo epi mansyone pwofesyonèl sante yo tou, ke yo kapab genyen yon otorizasyon pou enpòte estòk vaksen kont kowona.

MSPP fè konnen tou anndan avi sa ke gen tout yon pwosesis pou enpòtatè, distribitè ak pwofesyonèl sante yo jwenn demann pèmi enpòtasyon an.

Pou jwenn pèmi an, ou dwe bay lis vaksen ou swete enpòte a (sa k konpoze l, prezantasyon l, kalite l, nimewo lo l, dat li ap ekspire epi laboratwa ki fè l, nan peyi li soti). Yon kopi ki sètifye ke ou otorize itilize vaksen an, sètifika otorizasyon sa se kote vaksen an soti an ki dwe bay enpòtatè a li. Orijinal sètifika analiz. Enfòmasyon sou konpozisyon ekip medikal ki chaje pou regle koze vaksinasyon an. Epi plan vaksinasyon an.

Pi lwen, MSPP fè konnen ak konsène yo li gen dwa vizite sit kote vaksinasyon yo ap fèt la epi fèmen yo si tout fwa règ sekirite pou pèsonèl ak popilasyon an pa respekte.

Ministè Sante Piblik anndan menm nòt sa pwofite remèsye enstitisyon ki bay sipò yo nan konba kont maladi a epi siyale li konte sou kolaborasyon enpòtatè konsène yo sou sa k gen pou wè ak obsèvasyon sit yo.

Nouveaux cas Covid-19 / Pour le MSPP, il n'y a pas d'épidémie de fièvre

Dekouvri plis:

Météo Haïti: les prévisions pour ce vendredi 25 Juin 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Un protocole d’accord est signé entre le MSPP et Zanmi Lasante. Selon une note du Ministère de la Santé publique et de la population...

Santé

Le MSPP alerte sur un médicament contrefait en circulation dans le pays   Une alerte sanitaire du Ministère de la Santé Publique et de...

Actualités

Le groupe Konbit San Pou San (KSPS) a organisé un sit-in devant le MSPP pour exiger que les autorités mettent en place un bon...

Santé

D’après le Ministère de la Santé Publique et de la Population, 729 cas de dengue ont été enregistrés à Port-au-Prince. Le Ministère de la...