Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Pou evite propagasyon Kowonaviris la, Doktè William Pape swete gouvènman an kanpe sou referandòm nan

Kowonaviris: Doktè William Pape di "Non" ak koze referandòm lan
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Kèk jou anvan òganizasyon referandòm lan, Doktè William Pape pwononse l sou koze sa nan yon pozisyon pèsonèl pou l di pa dwe gen referandòm akoz kesyon Kowonaviris la.

Doktè William Pape ki fè pati selil syantif anndan peyi a pou koze kowona fè konnen pozisyon sa pa gen anyen pou wè ak politik li jis yon kesyon medikal.

Nan deklarasyon espesyalis la, li ta vle montre se t ap yon kontwadiksyon pou otorite yo ap fèmen lekòl pou evite foul moun epi pou ta ap òganize referandòm. Se toujou nan menm lide sa li swete pa gen referandòm kap reyini foul.

William Pape pou kore pozisyon l lan estime peyi a bezwen yon serenite pandan koze referandòm lan divize peyi a, li rete kwè se pa moman pou ap alimante koze sa pandan sa pi enpòtan se ta konsantre tout enèji yo sou maladi a.

Doktè Pape pandan moman an mande ak aktè politik yo fè yon ti poze sou kesyon politik la, pito yo fokis sou kowonaviris li estime ki se yon danje ki pandje sou tèt nou.

Gouvènman an pran anpil mezi kote li renouvle eta dijans sanitè a pou 15 jou. Mande pou tout moun pote mask, pou tout lekòl fèmen 11 jwen kap vini an . Pou pa gen aktivite kiltirèl ki ka rasanble foul moun. Ministè edikasyon nasyonal entèdi gradiyasyon, fèt, joune rekreyativ elatriye.

Kowonaviris: Doktè William Pape di "Non" ak koze referandòm lan

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

4 Juin 1992: ratification de Marc Bazin comme premier ministre par le Sénat de la République

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Le Conseil Electoral Provisoire (CEP)programme l’enregistrement et la confirmation des partis et groupements politiques du 6 au 12 juillet 2021. En dépit des désaccords...

Politique

Un nouveau délai de 45 jours accordé au Comité Consultatif Indépendant pour élaborer la nouvelle constitution . Environ deux semaines après le report sine die...

Éphéméride

“Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici l’éphéméride du 14 Juin 2021. 14 Juin: Le Référendum de 1964 à...

Actualités

Report sine die du référendum par le CEP en raison de la Covid-19. Le CEP avait annoncé il y a deux jours qu’il pourrait modifier...