Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kriz dlo a ap kontinye anpil kote nan kapital ayisyèn lan

Kriz dlo a ap kontinye anpil kote nan kapital ayisyèn lan

Kriz dlo a ap kontinye nan anpil zòn nan kapital ayisyèn lan.

Yo konsidere dlo kòm yon eleman ki endispansab nan lavi moun paske chak jou moun itilize l pou sèvi. Dènye jou sa yo, sitwayen nan plizyè zòn ap fè fas ak yon kriz dlo kote dlo trete ak dlo basen vin ra anpil ki mete moun nan difikilte pou jwenn li.

Nan yon premye atik nan mitan semèn lan redaksyon Juno7 te fè sou menm sijè sa te montre tout pwoblèm ak kalamite sitwayen yo te genyen pou jwenn ti gout dlo pou sèvi. Rezon ki te avanse pa kèk sitwayen se rate gaz la ak kesyon grèv la.

Pwoblèm yo toujou la. Li vizib nan kè kapital la pou n wè yon gouf moun kanpe devan kote y ap bay dlo trete oubyen moun ak galon epi bokit ap chache kote yo ka jwenn dlo.

Pou jodia se te menm konsta sa yo. Timoun, granmoun, jèn fanm tankou jèn gason pran lari ap chache dlo. Yo pa pè ale byen lwen paske si dlo a pa vini yo p ap ka pase swaf yo, yo p ap ka fè manje, benyen ak lave rad.

Pwoblèm sa k ap kontinye a toujou gen pou wè ak kesyon gaz chofè kamyon dlo yo di yo pa genyen selon sa kèk moun ki gen dlo trete pou vann lakay yo fè konnen.

Toutfwa, gen zòn kamyon toujou pote dlo tankou nan Riyèl Akasya sa ki fè moun sot byen lwen oblije vin pran pou kapab sèvi. Kèk sitwayen tou eksprime enkyetid paske yo di yo pè pou rate sa pa pèsiste akoz gen grèv ki lanse sou tèt peyi a pou 3 novanm.

Kesyon gaz ak grèv ki okipe aktyalite a 2 dènye semèn sa yo gen gwo repèkisyon sou fonksyònman peyi a ki lakoz anpil moun soufri sitou sa ki pi mal yo.

Dekouvri plis :

Mè Boudon: Yon paran elèv mouri, yon elèv pran bal nan pye aprè atak nèg ak zam

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu