Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Kwadèboukè: Endividi ame vyole 2 adolesant ak yon dam anndan òfelina “Chanje Lakay”

Anviwon 15 nèg ak zam rantre maten lendi 12 avril la, nan òfelina “Chanje Lakay”, ki twouve l nan komin Kwadèboukè, epi vyole 2 ti jèn fi ki gen 14 ak 15 an epi yon dam ki t ap travay anndan òfelina sa.

Selon eksplikasyon responsab òfelina sa ki se Bryan Jefferson Clergé, li fè konnen endividi yo komèt aksyon vyòl sa apre yo fin touye gadyen an ki t ap travay pou òfelina a tou.

Mesye Bryan fè konnen bandi yo bat madanm li ansanm ak tout li menm. Responsab òfelina a kontinye pou l di ke bandi yo ba l plizyè kout pye nan figi epi pote ale lajan ke yo te genyen byen avan yo sakaje anndan òfelina a tou.

Aksyon sa vin konplete plizyè lòt aksyon ki deja fèt anndan peyi a nan sa ki gen pou wè ak kesyon ensekirite jeneralize ki blayi kò l anndan peyi a. Yè, sou wout Kanapevè a,  antreprenè Patrick Tébheau rive mouri apre nèg ak zam fin simen katouch sou machin li. De seri aksyon ki montre bandi yo pa chome epi kontinye ap enpoze lwa yo.

Dekouvri plis:

Un nouveau président à la tête du Réseau National des Médias en ligne

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

La terreur infligée par les gangs de Grand Ravine oblige la population de Carrefour-Feuilles a marcher contre l’insécurité. Terrorisés par le groupe armé de...

Insécurité

Haïti : 83 cas de kidnapping recensés en juillet 2023 par le Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme (CARDH). Le Centre...

Insécurité

Kidnapping: l’état de santé de la journaliste Blondine Tanis se dégrade, Denel Sainton appelle à sa libération. Le journaliste de la RTVC, Denel Sainton,...

Actualités

La Solidarité des Femmes Haïtiennes Journalistes (SOFEHJ) demande la libération de la journaliste Blondine Tanis. À travers une note de presse en date du...