Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Lanmò Evelyne Sincère: Radyo Karayib kanpe tout edisyon jounal li yo

Lanmò Evelyne Sincère: Radyo Karayib kanpe tout edisyon jounal li yo

Pou eksprime kòlè ak fistrasyon yo fas ak zak malonèt ki fèt kont ti jèn fi 22 zan an Evelyne Sincère, Sal nouvèl Radyo Karayib deside kanpe ak tout jounal ki konn pase sou radyo a.

Evelyne Sincère yo jwenn li mouri sou pil fatra dimanch pase a nan Dèlma 24, apre yo te fin kidnape l epi mande pil lajan ke fanmi l pa t ka reponn ak demann yo. Desizyon Radyo Karayib la vini jodi madi a anndan jounal Premye Okazyon apre prezantatè yo fin fon ti pale ak sè epi papa Eveline, kote yo te enkonsolab dèyè telefòn lan.

Pou pwoteste kont zak kidnapin ak nivo ensekirite a ki pa sispann fè dèy nan mitan popilasyon an, medya a chwazi eksprime pozisyon l konsa. Pi lwen, Guerrier Dieusseul, Direktè Enfòmasyon radyo a fè konnen desizyon sa se pou kapab fòse otorite yo aji pou kapab kanpe fenomèn sa ki kontinye ap taye banda anndan sosyete a.

N ap raple w apre lanmò Evelyne Sincère la, lapolis mete avi rechèch dèyè Obed Joseph alyas Kiki, ki se mennaj Eveline, ki ta enplike nan krim sa.

Dekouvri plis:

18 liv pou yon elèv 1e AF, Nesmy Manigat kalifye sa de vyolans

Plus de contenu

Actualités

La RTVC quitte provisoirement son local de la rue Chavannes. À cause de l’insécurité qui règne dans la région métropolitaine de Port-au-Prince, la Radio...

Actualités

L’Organisation des Jeunes Avisés pour une Nouvelle Haïti (OJANOH) a organisé une formation pour les jeunes autour de l’orientation de la vie et des...

Éphéméride

« Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir », disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 1er novembre 2022. 1er novembre...

Insécurité

Haïti: Pour protester contre la montée de l’insécurité, la Radio Télévision Caraïbes annonce la suspension provisoire de sa programmation. (Port-au-Prince, Haïti).- Les responsables de...