Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Lanmò Grégory Saint-Hilaire: Etidyan inivèsite Aix-Marseille yo kontinye ap mande jistis

Lanmò Grégory Saint-Hilaire: Etidyan inivèsite Aix-Marseille yo kontinye ap mande jistis

Apre yo te fin òganize yon sitin 8 oktòb pase a pou mande jistis pou etidyan Grégory Saint-Hilaire ki tonbe anba bal ajan USGPN, etidyan nan inivèsite Aix-Marseille yo retounen fè yon lòt sitin jedi 15 oktòb la pou kontinye mande jistis.

Lanmò Grégory Saint-Hilaire: Etidyan inivèsite Aix-Marseille yo kontinye ap mande jistis

Plizyè etidyan ayisyen ak etranje te reyini devan inivèsite a ak bandwòl ki make “vive le peuple haïtien en lutte”. Plizyè nan yo fè konnen yo rasanble nan objektif pou fè solidarite ak etidyan ayisyen an Ayiti k ap lite epi ki asasine pa lapolis. Yo fè konnen yo pote soutyen yo ak jenès ayisyèn lan.

Fòk nou raple ke mouvman sa lanse pa “Comité de lutte d’Aix-en-Provence, CGT d’Aix-en-Provence, jeunes communistes de la région Bouches-du-Rhône” kote yo t ap kriye “Justice pour Grégory” yon fason pou degaje konsyans yo epi eksprime mekontantman yo kont zak represyon yo estime etidyan pa bò isit ap sibi.

Depi apre lanmò Grégory a anpil mouvman lanse tou nan kapital ayisyèn lan kote anpil kanmarad etidyan defen an toujou nan lari ap pwoteste pou mande jistis. Mouvman ki toujou vire an tèt chaje kote kawotchou, wòch, gaz lapolis melanje ak represyon toujou fèt kont pwotestatè yo.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Egzamen nevyèm: Fich timoun bloke nan direksyon pou kòb, paran nan tèt chaje

Plus de contenu

Monde

En raison de ses vidéos sur les réseaux sociaux, une étudiante ghanéenne en droit doit attendre si elle peut devenir avocate. Elorm Ababio, connue...

Actualités

Léogâne: Lionel Jean, enseignant depuis 41 ans à l’école des frères Louis Borno, a reçu un Toyota Rav4 de ses anciens élèves en guise...

Actualités

25 étudiants bénéficient d’un programme de stage au Ministère de la Planification et de la Coopération externe (MPCE) Dans le cadre d’un programme de...

Actualités

Assassinat de l’étudiant Grégory Saint-Hilaire: le Conseil des Doyens de l’Université d’État d’Haïti proteste. Dans une note de protestation acheminée le 11 octobre 2020...