Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Lanmò Prens Philip: Barack Obama eksprime l epi voye senpati l

Prens Philip, Obama

Maten vandredi 9 avril la (lè ayisyen), Palè Buckingham anonse lanmò Prens Philip ki se mari rèn Elizabeth. Prens lan mouri a 99 lane apre l te fin pase yon mwa sou kabann lopital pou koze enfeksyon ak pwoblèm kadyak.

Apre nouvèl lanmò sa, ansyen prezidan demokrat ameriken an, Barack Obama eksprime l sou paj Facebook li pou salye memwa gran gason sa epi retrase rankont li te gen ak Rèn lan epi Prens Philip pandan l te prezidan epòk li menm ak madanm li te an vizit nan peyi Angletè.

Asosye prezidan Joe Biden lan te kòmanse mesaj li a pou montre lonjevite Prens Philip ak Rèn lan ki rankontre nan pase yo yon pakèt gwo moun nan listwa tankou Churchill, Kenedy, Mandela, Gorbachev.

Ansyen prezidan ameriken an fè rapèl vizit li nan peyi Angletè pou l avwe ke li menm ak madanm li epòk sa pa t abitye ak kesyon chato wayal ki trennen dèyè l yon pakèt pwotokòl kote yo pa konnen sa ki t ap ret tann yo pandan vizit sa.

Pi lwen, mesye Obama fè konnen anndan mesaj li a ke Rèn Elizabeth ak Prens Philip te mete li menm ak Michelle Obama alèz epi soulinye ke Prens Philipp te janti, epi degaje yon emosyon chalere melanje ak bòn imè.

Toujou nan sa ki gen a wè ak istwa, Barack Obama raple ke 2 vizaj sa yo viv yon pakèt bagay. Pou Prens Philip, Obama raple prens lan viv gè mondyal yo, gwo kriz ekonomik alepòk yo. Pou Obama mesye Philip gen chans wè yon pakèt chanjman kote radyo bay plas ak televizyon, televizyon vini epi bay plas ak entènèt…

Barack Obama te fini pou l voye senpati l ak Rèn lan, pitit yo, pitit pitit yo ak pitit pitit pitit yo san l pa bliye tout moun ki te renmen Prens Philip ke l kalifye kòm yon moun remakab.

N ap raple w Philip se Duc d’Edimbourg, li gen 73 an maryaj ak Rèn Elizabeth II. Akoz pwoblèm sante, Prens Philip te soti kò l sou sèn lan an 2017 epi pa fè okenn aparisyon piblik ki te oblije l ale viv lwen rèn lan epi mouri nan chato Windsor jodi vandredi 9 avril la.

Dekouvri plis:

Le monde du Rap pleure la mort de DMX

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Angleterre

Angleterre: les funérailles du prince Philip, époux de la Reine Elizabeth II, auront lieu samedi dans le strict respect des normes de distanciation sociale....

Nécrologie

Le palais de Buckingham annonce le décès du prince Philip, époux de la reine Elizabeth II, à l’âge de 99 ans. Le prince Philip,...

Actualités

Ansyen prezidan ameriken an, Barack Obama, ekri yon mesaj sou paj Facebook li jodi samdi 7 novanm lan, pou felisite pwochen prezidan peyi Etazini...

Actualités

L’ancien président Barack Obama a effectué hier mercredi son premier meeting de campagne en faveur de Biden, dans l’État-clé de la Pennsylvanie, lançant des...