Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Lanmou Biza: Rankont ak Tayou la Diva, yon jèn atis ki chante ak rapè Baky

Lanmou Biza: Rankont ak Tayou la Diva, yon jèn atis ki chante ak rapè Baky

Redaksyon Juno7 te rankontre ak jèn atis feminen ki rele Tayou la Diva nan kad yon entèvyou ki te plis aksantye sou yon mizik li sòti ki rele “Lanmou Biza”, li chante ak Baky.

Byen avan Tayou la Diva te rantre dirèkteman nan vif sijè a, li te pwofite bay detay depi kilè li kòmanse fè mizik epi Kote deklik la tap al sòti pou l lanse l nan endistri mizik la.

Atis la ki te patisipe nan Podium Quartiers an 2018, fè konnen byen avan sa li te kòmanse fè non l anndan komin Lewogàn, kote l fèt, paske l te konn patisipe nan prèske tout aktivite, se yon fason pou l di se la lanmou l pou mizik tap al pran nesans.

Lanmou Biza: Rankont ak Tayou la Diva, yon jèn atis ki chante ak rapè Baky

Lanmou Biza, yon fason pou l eksplike soufrans l ap andire nan lanmou

Lanmou Biza ki se nouvo mizik Tayou la Diva a gen 4 jou depi l sòti ak tout videyo sou paj YouTube li, mizik sa nan moman atik sa t ap ekri te getan atenn 32 mil vizyonaj.

Nan eksplikasyon li yo, Tayou konfye nou ke chwa mizik sa pa t vrèman de li. Li te jis jwenn yo voye l ba l paske li siyen ak yon label, se menm label la ki te pwopoze l mizik sa. Toujou selon eksplikasyon l, yo annik voye mizik la pou li epi li ale nan estidyo li met pati pa l pandan mòso pa Baky a te getan la.

Nan mizik sa, Tayou ap eksplike chans li pa gen nan lanmou paske li toujou blese, alèz li pa alèz vrèman nan relasyon an, malgre sa li toujou rete ap soufri pandan l kesyone tèt li èske se li k gen yon pwoblèm.

Atis la fè konnen feedback la trè poziti. Si n kwè pawòl li yo, li deklare li poko jwenn yon feedback negatif ditou pandan l estime sa ka rive gen yon bagay, yon moun pa di l.

Pi lwen anndan ti pale sa, Tayou pa dakò pou moun mete l nan yon kategori, ki ta vle di li pa lye swa chantè konpa, rap, zouk, elatriye. Rezon an li di l vle lib paske l ka chante nenpòt mizik. Men li pa kache pou l di, li plis renmen mizik melankolik.

Pwojè Tayou pou pwochen mwa yo?

Tayou konfye nou li gen nan repètwa l anpil bèl mizik ki anrejistre epi fè konnen li menm ak estaf li ap travay sou yon “EP” k ap gen pou pi plis 5 mizik sou li.

Jis avan EP sa, natif lewoganèz la fè konnen gen yon lòt mizik ki gen pou vini san bay okenn dat sou soti a.

Detay sou Tayou la Diva

Tayou La Diva gen pou bon non Taina Toussaint, li soti nan yon fanmi ki gen 4 timoun, se li ki pi gran. Li fèt 4 fevriye 1999, nan komin Lewogàn. Aktyèlman l ap etidye Syans Enfimyè, li nan katriyèm ane.

Se yon jèn ki renmen mizik, li apresye enstriman piyano anpil, se rezon li ap pran kou pou l fò nan jwe enstriman sa.

Atis la gen twa moso nan kòfrefò mizik li. Yon kolaborasyon avèk rapè Rozo-G ki rele “Viktim deja”, yon lòt mizik ki te soti novanm dènye ki pote non “j’ai peur” epi Lanmou Biza.

Depi 2019, Taina siyen ak label Focus Entertainment ki gen nan tèt li Serge P. Durandisse ki se manager Baky, ki jere booking pou atis Trouble Boy tou.

Dekouvri plis:

Joe Biden débute sa 1ère tournée diplomatique en Europe

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Roody Roodboy bay rezon ki fè l te rele Baky epi avwe li pare pou l jwe sou menm sèn ak atis la. Nan...

Société

Promesse tenue par Baky en soutien au Collège Saint-Jean des Cayes et l’hôpital CARAMED. Baptista Lugendy St-Hubert connu sous son nom d’artiste Baky a...

Culture

“Dènye lèt (depresyon)”, le morceau tant apprécié sur le dernier projet musical de Baky Popilè traitant de la dépression et la mélancolie. L’artiste Baky...

Culture

Aprè Baky fin anonse 2 album li yo pou 7 ak 8 me k ap vini la, Wendy parèt li mete rezo sosyal yo...