Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Lapolis anonse gaz la kòmanse rive nan ponp yo ak lopital yo

Lapolis anonse gaz la kòmanse rive nan ponp yo ak lopital yo

Lapolis Nasyonal anonse gaz la kòmanse rive nan ponp yo, nan lopital ak gwo endistri yo.

Biwo Kominikasyon Polis Nasyonal la anonse jodi mèkredi a gaz la kòmanse rive byen bonè jodia nan ponp gaz ki ta benefik pou kèk lopital ak gwo antrepriz ki kòmanse apwovizyone.

Nan pòs sa, otorite polisyè yo fè konnen yo pral kontinye ogmante dispozitif sekirite a pou transpòtasyon gaz la kontinye fèt byen, sòti nan tèminal yo pou ale nan tout lòt zòn nan 4 kwen peyi a.

Lapolis fè konnen tou li konte sou kolaborasyon popilasyon an pou distribisyon an fèt nan lòd ak disiplin.

Enfòmasyon fè konnen tou, Pòt Pawòl Mezon Blanch lan Jen Psaki deklare peyi Etazini ap pare pou ede lapolis Nasyonal la jere koze livrezon gaz la, li fè deklarasyon sa yo nan kad yon konferans pou laprès jodi mèkredi a.

Depi plizyè jou, rate gaz la lakoz pa gen machin, biznis fèmen, medya ap fonksyone ak yon tan redui, chofè moto pa ka fonksyone. Sa ki te pouse plizyè sendikalis lanse jounen grèv depi lendi yo leve l jodia.

Lapolis anonse gaz la kòmanse rive nan ponp yo ak lopital yo

Dekouvri plis:

Grèv la ap leve jodia a 4 è selon Jacques Anderson Desroches

 

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu