Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Lapolis arete yon senegalè ki degize an fi pou konpoze nan bakaloreya pou mennaj li

Lapolis arete yon senegalè ki degize an fi pou konpoze nan bakaloreya pou mennaj li

Yon Senegalè 22 lane abiye an fi epi patisipe nan egzamen bakaloreya pou mennaj li, lapolis arete l.

Khadim Mboup se non yon senegalè 22 lane ki se yon etidyan nan inivèsite Gaston Berger, li te degize l an fanm semèn pase a epi patisipe nan egzamen bakaloreya nan peyi Senegal.

Enfòmasyon sa rele pa plizyè sit afriken epi sit fransè tankou Figaro Étudiant ak http://Yahoo.com. Selon sit sa yo, sitwayen sa ap gen pou jije jodi jedi 5 out la ak tout ti mennaj li.

Sitwayen sa jan n ka gade sou foto kouvèti atik la te abiye ak yon rad long wouj, foula oubyen vwak mare tèt li. Si 2 premye jou yo li te twonpe vijilans responsab sant yo, twazyèm jou a nan eprèv anglè a, siveyan yo te santi gen yon bagay ki pa mache lakay sitwayen an ki fè yo ta pral rele lapolis ki te vini epi poze lapat sou fwodè a ak tout mennaj li a ki t ap ret tann li pa twò lwen sant egzamen an.

Y ap gen pou yo jije jodia pou fwod nan egzamen yo ak konplisite fwod, selon sa plizyè sit rapòte.

Lapolis arete yon senegalè ki degize an fi pou konpoze nan bakaloreya pou mennaj li

Dekouvri plis:

5 Août 1931: accord Haitiano-américain prévoyant la désoccupation d’Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu