Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Lapolis mete “avi rechèch” dèyè plis pase 20 chèf gang pami yo Kris-La, Ti Lapli ak Babekyou

Lapolis mete "avi rechèch" dèyè plis pase 20 chèf gang pami yo Kris-La, Ti Lapli ak Babekyou

Nan yon pòs ki fèt sou paj ofisyèl Facebook yo, mèkredi 6 janvye 2021, lapolis nasyonal enfòme ke l mete avi rechèch dèyè plis pase 20 chèf gang, sitou sa k ap opere nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Nan tèt lis avi rechèch sa ke PNH pibliye a, premye non ki ladan l se Jimmy Cherizier alyas Barbecue k ap opere anba Dèlma, ki se yon chèf gang G9, enstitisyon polisyè a akize l kòm moun ki fè asasina, tantativ asasina, nèg ki gen gwo zam gè ilegal epi li gen akizasyon nèg k ap fè anlèvman epi mete dife.

Nan menm lis sa, PNH la lage koukourouy dèyè Jean Pierre Gabriel chèf gang Site Solèy la ki gen akizasyon asasina, pote zam ilegal, asosiyasyon malfektè ki pandye sou tèt li.

Nan lis sa, PNH la ap chache kou chen fou Ronald ke tout moun konnen sou non sa ak Joseph Wilson alyas lanmò san jou, tou 2 se bandi k ap opere nan baz 400 Mawozo, kote yo akize kòm moun ki ap fè asasina, detounen kamyon machandiz, anlèvman ak vòlè machin moun.

Chery Christ-Roi tout moun konnen sou non Kris-La ki se chèf gang k ap opere nan Ti Bwa, lapolis nasyonal akize l kòm moun ki konn fè asasina, vòlè machin, anlèvman, detounen kamyon machandiz. Pou tout akizasyon sa yo, lapolis enfòme li mete avi rechèch dèyè l.

Destina Renel ke tout moun konnen sou non Ti Lapli k ap enpoze l lwa l nan Gran Ravin, lapolis lage dèyè l tou kote fòs polis la akize l de asasen, moun k ap fè anlèvman, detounen kamyon machandiz elatriye…

Manno ke tout moun konnen sou non sa k ap opere anndan Vilaj, lapolis mete avi rechèch dèyè l pou enplikasyon l nan asasina, anlèvman, vòlè machin ak detounen kamyon machandiz moun sou wout Sid kapital la.

Lapolis lage chalbare dèyè Izo chèf gang baz 5 segond kote akizyon ki gen pou li yo se asasina, anlèvman, pote zam ilegal, detounen kamyon machandiz ak asosiyasyon malfektè.

Anndan menm lis sa, genyen Claudy Célestin alyas Chen Mechan, Alexandre Ezechiel alyas Ze ki nan baz Pilat, Félix Monel alyas Mikanò ki ap fè lalwa sou Waf Jeremi, Azouken ke tout moun konnen sou non sa, Innocent Vitel’Homme alyas Kraze Baryè ki ap opere nan Taba 70/Tòsèl ak plizyè lòt endividi ki anndan lis sa kote akizasyon yo se asasina, anlèvman, vòlè machin, pote zam ilegal ak asosiyasyon malfektè.

Lapolis pibliye non chèf gang sa yo ak tout foto yo epi kite nimewo telefòn ki se 114, 3838-1111 ak 3106-0573 pou si moun ta rive idantifye oubyen lokalize yo pou rele PNH la.

Dekouvri plis:

Enspektè Garry Desrosiers drese bilan operasyon lapolis mennen 2 janvye pase a nan Kanaran

Plus de contenu

Actualités

Les pères Jean Mardoché Vil, Fritz Désiré et l’africain Vundla Sikhumbuzo recherchés pour 4 ans de trafic d’armes au sein de l’église Episcopale. Nouveaux...

Aktyalite AN KREYÒL

Sen Mak: Lapolis arete yon doktè chalatan nan lopital Sen Nikola. Lapolis nan vil Sen Mak poze lapat jodi madi 26 oktòb la sou...

Sécurité

La Police Nationale d’Haïti poursuit “Fantom 509” en justice et promet de traquer ses membres avec la dernière rigueur. Le groupe de rebelles “Fantom...

Actualités

Lapolis te debake yè lendi swa a nan Ri Nicolas, nan baz atis Fantom. Nan kad debakman sa, lapolis arete plizyè moun ki te...