Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Mobilizasyon : lapolis te anpeche manif la rive devan anbasad amerikèn

Mobilizasyon : lapolis te anpeche manif la rive devan anbasad amerikèn

Jan sa te anonse a, anpil sitwayen te foule beton an jodi mèkredi 20 janvye 2021 an, yon fason pou reponn ak apèl lidè opozisyon yo ki te envite yo devan anbasad amerikèn sou Taba.

Manifestasyon sa ki te gen anpil pwen pou moun rankontre te gen difikilte pou atenn objektif li ki se rive bò anbasad amerikèn. Mèt André Michel ki te fon ti pale nan mikwo jounalis pou raple Jovenel Moïse manda l ap bout 7 fevriye, te sou plas depi granm bonè sou Channmas ak yon gwoup militan kote yo te pran direksyon bò sine Triyonf pou soti Lali. Rive Pòs Machan, lapolis te tire an lè pou eseye kalme foul la ki t ap voye wòch. Yon gwoup ki te monte Lali pou ale rejwenn lòt gwoup Kafou Ayewopò a.

Rive Kafou Ayewopò ki batize kafou rezistans, foul la t ap gwosi plis epi te mete tèt yo nan direksyon wout Ayewopò a. Yo ta pral jwenn gwo difikilte bò ponp Total Dèlma 17 la lè fòs lòd yo te monte boukliye pou yo pa pase perimèt la, ki ta pral koz polisye yo bay anpil l gaz, manifestan yo voye wòch ki te vin bay yon imaj manif ki kraze.

Kèk nan yo te fè sou anndan Dèlma pou t al rejwenn gwoup ki te Kafou Rita ki t ap pare pou ale bò anbasad la. Gwoup sa te rive ateri sou wout Taba a. Rive nan nivo Taba 44, bagay la ta pral mangonmen akoz polisye yo ki pa t dakò pou manifestan yo rive bò anbasad, polisye yo te fè yon lòt fwa ankò izaj gaz lakrimojèn, manifestan pou eksprime kòlè yo te voye anpil wòch, boule kawoutchou.

Tout kote militan yo te dèyè rasanble, lapolis te prezan epi itilize anpil gaz pou repouse foul la. Yon foul ki te plis parapò ak dènye manifestasyon an. Gwoup ki te rive atenn devan anbasad la se dirijan opozisyon yo ki te gen ladan l Marjory Michel, André Michel, Nenel Cassy, Youri Latortue elatriye.

Ansyen senatè Nenel Cassy te pale pou l denonse konpòtman polisye yo ki te itilize anpil gaz lakrimojèn. Opozan pouvwa a te kontinye pou kritike ansyen administrasyon Trump lan ki t ap sipòte Jovenel Moïse pandan l te tou pwofite mande ak nouvo prezidan ameriken an, Joe Biden, pou l pa danse kole ak pouvwa an plas la ki daprè li menm pa respekte demokrasi paske yo deklare lagè kont konstitisyon an.

Sou bò pa li , ansyen senatè Youri Latortue remèsye militan yo pou patisipasyon yo nan manifestasyon an pandan l deklare yon lòt bò li regrèt konpòtman polisye yo fas ak foul la ki pa t gen yon konpòtman pwofesyonèl kòm polisye.

Sa fè dezyèm gwo mobilizasyon sektè opozisyon an lanse nan dènye kalandriye yo prezante bay popilasyon pou fòse prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa 7 fevriye 2021 .

Dekouvri plis :

Joe Biden prête serment et est investi 46e président des États-Unis

Plus de contenu