Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Lè zonyon”, plezi ak risk ki gen ladan l

"Lè zonyon", plezi ak risk ki gen ladan l

Lè zonyon se yon pratik moun fè pandan rapò seksyèl kote nan lang fransèz la yo rele l “rapport sexuel bucco-anal”. Ki se yon pratik kote patenè yo pran plezi niche oubyen souse dèyè moun lan ak bouch yo oubyen lang yo. Moun ki sibi pratik sa yo rele l “pasif”, moun ki renmen fè pratik sa yo rele l “aktif” daprè sa doktè Thierry Higuero ki se yon pwoktològ fè konnen sou sit “Journal des Femmes“.

Si a yon epòk moun te konn annik kontante yo monte youn sou lòt pou fè sèks epi chache plezi, kounya bagay yo sanse chanje sitou ak koze pònografi moun vin ap gade kote yo wè anpil nouvo pratik ak pòz ki gen lè moun ap fè bagay ki vin fè yo menm bò kote pa yo vin ap modènize pratik seksyèl la kote nou jwenn anpil koup renmen fè ti bèf, gen fanm ki fè sèks nan dèyè pandan yo gen bouboun yo ki la pou sa, nèg renmen bay fanm pan kabann ak bak chat… Epi vin mete pratik sa tou ki kòmanse ap pran chè nan koze fè sèks ki rele lè zonyon ke yo rele tou “anulingus”.

Henri ki se yon jèn chofè moto ki baze anba limyè wouj sou Lali esplike nou plezi ki gen nan bagay sa. Daprè sa Henri fè nou konnen, li ta pral dekouvri lè zonyon pandan mennaj li t ap fè lanmou ak li.

“Monchè lè zonyon bon anpil. Moun pa t konn fè bagay sa pou mwen. Mwen te gen yon ti fanm pandan n ap fè lanmou epi manzè t ap ban m yon ti bèf, touswit apre li kòmanse souse 2 boul yo epi se wè m wè l rive nan twou a mwen sezi. Men, tèlman mwen jwenn yon lòt plezi mwen kite manzè fè sa l ap fè a epi m vin dekouvri jan bagay sa bon. Mwen tèlman rele pandan bagay sa, je m fè dlo”.

Si Henri se wè l wè fanm li te ak li a rive nan twou a epi l fini pa aksepte kite l fè lè zonyon pou li. Bò kote Amazan Arthur ki se yon etidyan finisan nan syans jiridik, li fè nou konnen mennaj li te gen epòk sa te mande pou l fè l pou li, li te di l non akoz li twouve dèyè se pa yon bagay ki pwòp vrèman pou moun ap foure lang ladan l apre sa yo pral bo.

Yon lòt bò, yon zanmi Henri ki se chofè moto tou ki te bò kote l jou entèvyou a pa pataje konpòtman Henri a. Marc ki gen 28 tan fè konnen koze lè zonyon se pou masisi, depi yon nèg nan koze bay fanm souse dèyè l, li sou wout pou l antre nan kominote masisi a. Marc fè konnen kèlkeswa plezi moun te ka jwenn nan lè zonyon yon moun pa dwe fè l. Selon li memn, li estime depi gen souse dèyè, niche twou dèyè ap gen penetrasyon yon jou.

Pandan ke Marc-Curry Edmond ki son jèn etidyan nan inivèsite Pòtoprens pa gen pwoblèm ak lè zonyon. Men, li presize pou nou li p ap dakò fanm fè l pou li paske l twouve se anòmal yon gason kouche ap bay fanm souse dèyè l. Men li fè l pou fanm daprè sa li di.

“Mwen fè zonyon pou fanm paske se yon bagay oze. Se pa tout nèg k ap fè l pou madanm yo. Fi renmen fè nouvèl dekouvèt nan sèks donk mwen fè l pou li pou kapte li pou m ka fè l fè dekouvèt sa. Men mwen pa fè lè zonyon pou nenpòt fanm”.

Nan ti pale nou ak Bercy Wagnac yon etidyant CEDI, nou ka sène nan deklarasyon l yo ke patenè li konn fè zonyon pou li men se pa yon bagay li renmen paske l di li pa jwenn plezi.

“M pa renmen l. M twouve li pa ijyenik. M pa dakò nèg la bo m apre li fi n fè l. Epi m pa jwenn plezi ladan l afòs ke m twouve li malsen. Tou bouda fèt pou moun pete ak k***”.

Yon pozisyon ke yon lòt demwazèl ki pa t dakò nou site non l rejte. Demwazèl sa ki ka nan trantèn yo fè konnen depi nèg li ak li a ap ba l ti bèf fòk li tou fè zonyon pou li. Pandan li fè konnen depi zonyon poko fèt manch nèg la p ap rantre nan boubou n li.

“Pou y ap fè zonyon pou yon fanm pou l pa pran plezi. Pou jan bagay sa bon lè w jwenn yon bo gason, bèl djòl pwès, ki konn souse ak karese ap ba w zonyon, ou bliye si w Ayiti ou pa konn kote w ye. Si m ap fè bagay yon nèg pa fè zonyon pou m ap rele li p ap penetre m non”.

Si demwazèl sa ap dekri plezi li jwenn nan pratik sa, Kerline Jean-Paul ki se jounalis redaktris Presslakay ap poze tèt li kesyon ki jan moun fè pran plezi nan yon bagay konsa. Konsè jounalis la trè dirèk nan deklarasyon li yo pou l di moun ki ap fè pratik sa yo goute twalèt kanmèm pandan l kalifye pratik sa de malpwòpte.

Dèfwa ou konn pa vle fè lè zonyon men mennaj ou renmen pratik sa. Konsa tou, tou 2 patenè yo konn pa renmen pratik sa ni anvi tante. Se ka Dalton Lucmamen François ki se etidyan nan fakilte medsin Inivèsite Quisqueya fè konnen ni li ni mennaj li pa renmen pratik sa pandan li tou pwofite raple ke tou dèyè se yon bagay ki rezève pou moun twalèt.

Pawòl pa Dalton Lucmamen François yo pa diferan de Westerson Dery Saint-Fleur ki se grafis Coup D’oeil TV ak etidyan nan inivèsite Pòtoprens. Jenòm lan fè konnen ni li ni moun li ak li a pa renmen bagay sa pandan li fè konnen lanmou an pa rive jis ap foure lang nan twou dèyè a. Pandan l ajoute pou l di tou dèyè son kote menm kan li lave ki gen yon sant ki pwòp ak li.

Pandan lè zonyon gen plezi jan kèk moun soulve sa anndan atik la, li gen risk li tou. Li pa san rezon lè etidyan nan fakilte medsin inivèsite Limyè, Woodmy Stanley Millioreste avwe pou nou ke si mennaj li ta mande l fè l pratik sa pou li, li pa t ap fè l pandan li t ap mete l chita epi eksplike l risk ki gen nan sa pou l ka konn ki koze ki gen nan pratik sa.

Risk ki gen nan pratik sa epi prekosyon yon moun dwe pran

Nan fè zonyon ou ka atrape yon “Gastro-entérite“. Si moun w ap fè zonyon an gen yon Gastro-entérite ou riske pran l daprè doktè Higuero ki fè konnen tou, menm kan bouda a pwòp gen anpil bakteri kote bouch ou ka tou vale “Selmonelles”, “Shigells”, “Campylabacter” ki koz Gastro-entérite la ki ka ba w dyare ak doulè nan do.

Pandan w pran plezi nan fè zonyon pou w fè sòs mennaj ou gou, gon parazit ki rele Tenya ki ka kontamine w. Ou ka pran Epatit A ki se yon viris ki twouve l nan twalèt k ap sot nan dèyè moun. Viris sa ba w fatig, fyèv ak do fè mal.

Toujou nan menm koze fè lè zonyon san w pa gen jaden an, ou gen risk atrape gonokòk, papiyomaviris imen, erpès, sifilis…

Doktè Higuero fè konnen 2 moun ki renmen fè Zonyon yo dwe pratike ijyèn kòporèl epi gen konfyans youn nan lòt avan yo lanse yo nan yon pratik konsa. Li konseye moun ki renmen fè zonyon pou pran pwoteksyon kote l envite yo achte yon “digue dentaire” ki se yon moso latèks ke yo vann nan “Sex shop” oubyen sou entènèt.

Gen kèk non moun ki chanje anndan atik la sou demann yo. Sitou moun nou pa mete non konplè yo.

Dimitry Charles

Dekouvri plis :

République Dominicaine : Abinader suspend sans solde 8 fonctionnaires n’ayant pas déclaré leur patrimoine

Plus de contenu

Actualités

L’Office de protection du citoyen, OPC, félicite la décision prise par l’inspection générale de la police nationale d’Haïti, à savoir l’identification et la mise en isolement...

Société

La masturbation masculine est une pratique qui consiste à provoquer le plaisir sexuel à l’aide des mains ou parfois des objets. En Haïti, on...