Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Lettre ouverte: «Ou pa tande rèl pèp la», Clarens Renois s’adresse au président Jovenel Moïse

Dans une lettre ouverte publiée sur le réseau social facebook, l’ancien candidat à la présidence, Clarens Renois s’exprime largement au locataire du palais national au sujet des événements du 6 et 7 juillet dernier.


 

Lèt tou louvri pou Prezidan Jovenel Moise

Mouche prezidan, lizay pou ou.
Prezidan, aloske eveman 6 ak 7 jiyè yo simen plis latwoublay ak gwo kè kase nan mitan tout popilasyon an,
Pouvwa w ap dirije a poko fè okenn mouvman ki montre w tande epi konprann li tout bon
Jan bagay yo prale la, prezidan, pita ka pi tris
Eske ou pa konpran, ou byen ou pa wè ?
Peyi a ap kraze !!!
Pa gen lespwa, pa gen lavi !
Ki sa w ap fè ?
Sanble w pa tande ?

Ou pa tande rèl pèp la, jèn yo, peyizan yo, ouvriye ak ouvriyèz yo, pwofesè lekòl yo, chofè kamyonèt ak taksi moto yo, moun ki pap travay yo
Rèv yo ak espwa yo pase anba pye.
Sanble w pare pou fè ti pas kout ak pouvwa a
Kòm kwa pran menm moun yo pou w rekòmanse
Prezidan Jovenel, sa k ap pase la se pa zafè PHTK, se pa koze yon sèl kan politik
Se pa chita bay lodyans ak moun ki nan menm kan avè w kap rezoud pwoblem yo
Sa k ap pase la se kòz tout Ayisyen
Fòk ou lonje men kontre moun ou pran pou ènmi w yo, sa k pa vle danse kole avè w yo, se nan antant n ap ka jwenn wout pou n sòti

Prezidan, mwen regrèt tande pwòch ou ap pale kòmkwa se opozisyon ki lakoz sa kap pase a
Nap twonpe tèt nou.
Sa k pase 6 ak 7 jiyè a se siyal ki dwe di w bagay yo pa bon. Pèp la ap soufri. Moun yo pap viv tankou moun.
Jèn yo pèdi espwa, yo lage pou kont yo.
Kisa w ap fè ? Ki sa w pral fè ?
Bagay yo pa bon prezidan. Jan w ap gouvène a pa bon.
Pèp la pap tann ankò.
Li bezwen wè gwo jès ak aksyon ki ka pote lespwa
Jodia prezidan Ayiti pap viv. Peyi a kanpe ap gadew.
L ap gad ale w

Jèn yo ap gade jan w ap jwe ak avni yo
Prezidan Jovenel pran responsabilite w nan sa k ap pase a
Desten peyi a ak avni tout popilasyon an nan men w.
Listwa va sonje se ou menm ak akolit ou yo ki fin kraze peyi a osinon la ekri ke w te fe jefò pou retire n nan katchouboumbe ou mete nou an.

Clarens RENOIS | Coordonnateur National UNIR

[views]

Plus de contenu