Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Li domine m” ap fè chemen l sou YouTube, plizyè entènot fè reyalizatè a konfidans

"Li domine m" ap fè chemen l sou YouTube, plizyè entènot fè reyalizatè a konfidans

Li domine m se yon feyton Dalonso Philippe ekri ki kòmanse pase sou chèn YouTube li depi samdi 21 novanm lan. Aktyèlman, getan gen 4 epizòd ekip MK pwodiksyon ki reyalize feyton sa lage pou piblik la.

Jan nou te di l nan yon resan atik ki te soti sou sit ajans lan sou pwojè sa a, li domine m se yon feyton kote istwa k ap degaje a se yon demwazèl ki anndan legliz ak tout manman l epi manman an prezante l yon avoka ki gen anpil kòb pou l ta marye epi li menm san l pa mache pou gason se fanm parèy li ke l renmen, li gen femèl li deja san manman l pa konnen malgre li s on timoun anndan legliz.

Premye epizòd la ki gen 8 jou depi l soti gen anviwon 292 mil moun ki getan gade l, epizòd 2 a getan touche 203 mil vyou, epi lòt ki swiv li a sou 180 mil, resan epizòd la ki gen anviwon 12 zèd tan depi l soti getan a 92 mil vyou nan moman nou t ap ekri atik la.

De seri statistik ki montre jan atant lan te ye bò kote entènot yo malgre te gen anpil kritik avan sa parapò ak sijè omoseksyalite ki rete tabou nan sosyete a ki ap degaje anndan feyton sa. Nan ti pale ak Dalonso Philippe, li fè nou konnen anpil moun kòmanse damou feyton an, kliche yo te gen nan tèt yo de pwojè a se pa sa.

“Nou wè nou sou bon vwa a. Anpil moun wè kote nou te vle rive avèk feyton an. Anpil moun kòmanse renmen l, anpil moun kòmanse damou feyton an. Yo di m konsa fason yo te konprann li an se pa konsa l ye. Se menm yo menm kounya k ap ede nou pataje l pou plis moun gade l”.

Apre chak soti yon epizòd anndan feyton sa, reyalizatè a ki tou aktè anndan Li Domine m, toujou pran plezi pataje kèk konfidans entènot fè l pandan l pran prekosyon pa pataje non yo ak foto yo.

Mesaj konfidansyèl sa yo moun yo remèsye Dalonso Philippe pou pwojè sa epi tou pwofite avwe l ke yo twouve yo nan menm sitiyasyon ke feyton an ap dekri a kote yo oblije renmen yon moun ki pa menm sèks ak yo pou kache sa yo ye a pandan anndan yo se moun ki menn sèks ak yo ke yo renmen. Genyen ki menm ale pi lwen nan mande l konsèy kijan pou ta fè “Coming out” yo ki vle di avwe ke yo se masisi oubyen madivin, yon bagay nou konnen ki pa fasil pa bò isit.

Selon Dalonso Philippe, ekip la konte bay 100 epizòd pou premye sezon Li Domine m, pandan l fè konnen li p ap okenn pwoblèm li ta bay 100 lòt ankò pou pwochen epizòd la.

“Premye sezon feyton an ap gen 100 epizòd paske nou gen anpil bagay pou n di nan feyton an, nou panse fini feyton an nan 30 jan nou te di l avansa se t ap yon abi. Nou deside fè premye sezon an 100 epi yon dezyèm sezon si nou ka bay 100 ankò ou pa janm konnen”.

N ap raple w ke feyton Li Domine m se yon istwa vrè ke Dalonso Philippe ki gen 266 mil abone sou chèn YouTube li deside ekri istwa sa yo apre konfidans 2 zanmi l te fè l ki pouse l enspire pou l pwodui pwojè sa k ap fè chemen l kote statistik yo enteresan epi chaje kòmantè ni sou paj YouTube Dalonso Philippe la epi sou paj Facebook Maestro Kerwill Fan’s, 2 kote moun gen posiblite gade Li Domine m.

Dekouvri plis :

Ayiti – eleksyon: Moïse Jean-Charles voye jete deklarasyon Core Group

Plus de contenu

Cinéma

Connue sous le pseudonyme Win Christoo, Esperancia Jean-Baptiste est une jeune actrice haïtienne qui a rencontré la rédaction de Juno7 pour une petite causerie....

Actualités

Li domine m se yon feyton YouTube mayestwo Kerwill ekri ak reyalize ki gen pou soti sou paj YouTube Dalonso Philippe kote li getan...