Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Loque Urbaine fè lansman “Revue Davertige” nan Enstiti Fransè

Loque Urbaine fè lansman "Revue Davertige" nan Enstiti Fransè

Loque Urbaine ki se yon asosiyasyon literè lanse jou ki te mèkredi 31 mas 2021 an, “Revue Davertige” nan lokal Enstiti Fransè Dayiti nan memwa powèt ayisyen sa ki gen pou bon non Villard Denis ki te fè pati de yon gwo kouran literè ayisyen ki te rele “Haïti Littéraire”.

Loque Urbaine

An prezans plizyè dizèn moun ki te fè deplasman pou lansman sa, asistans lan te gen chans viv Ricardo Boucher ki te fè pèfòmas pwezi, Gaëlle Bien-Aimé ki te fè lekti powetik. Anndan menm lansman sa te gen pwojeksyon videyo sou koze lekti ak powèm yo.

Loque Urbaine toujou ap fè evenman pwezi chak ane sitou festival pwezi ki pote non “Transe Poëtique” ki toujou fèt an septanb. Men, akoz kesyon kowona ki te an vòg pou ane 2020 an, manb òganizatè yo pa t fè festival sa epi nan lide pou pa pase inapèsi, yo deside fè yon revi a anviwon 14 powèt ki te gen pou patisipe nan festival la.

N ap souliye pou ou ke Jean D’Amérique ki se ekriven epi powèt, se direktè atistik festival Loque Urbaine nan epi li se direktè editoryal “Revue Davertige” lan.

14 powèt k ap patisipe nan “Revue Davertige” lan se James Noël, Mackenzy Orcel, Ricardo Boucher, Coutchève Lavoie Aupont, Bonel Auguste, Annie Lulu, Davertige, Lisette Lombé, Jean-Pierre Siméon, Adlyne Bonhomme, Hugo Fontaine, Milady Renoir, Eliphen Jean. Pina Wood.

Loque Urbaine bay randevou septanb k ap vini la pou festival “Transe Poétique”.

Dekouvri plis:

Le Rhum Barbancourt et HELP annoncent un programme de bourses d’études de cinq ans

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu