Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Majorite zòn nan Pòtoprens gen pwoblèm dlo trete

URGENT: fortes détonations au Carrefour de l'Aéroport
Getting your Trinity Audio player ready...

Anpil zòn nan kapital ayisyèn nan gen pwoblèm dlo trete ak dlo kamyon.

Depi plis pase twa jou, anpil katye nan kapital la af fè fas ak yon pwoblèm dlo trete ki prèske pa genyen. Kay moun ki te gen rezèv yo sanse fini paske kamyon pa sikile pou ta pote dlo nan zòn yo.

Sa ki lakoz pwoblèm sa, se paske anpil kamyon machin pa vrèman gen gaz pou mache san konte grèv ki lanse depi lendi a ki lakoz gen kèk wout ki bloke epi chofè ki pa vle ale riske pou pase ak machin pou pa mete vi pa yo an danje.

Moun ki peye po kase sa se sitwayen yo ki bezwen dlo pou yo bwè, lave ak fè manje. Nan kèk zòn nou te siyonnen tankou Lali, Riyèl Vayan, Akasya, Mon Plezi, nou remake majorite biznis dlo trete fèmen, kèk grenn ki louvri pou bay rès yo te genyen yo monte yon galon 50 oubyen 60 goud pandan pri nòmal la se te 25 oubyen 30 goud si se yon galon jòn. Kèk sitwayen nan kèk zòn plenyen tou paske yo gen kòb yo mande a epi yo pa ka achte galon an akoz twòp moun ki gonfle devan biznis dlo trete a.

Fas ak sa, moun yo oblije nan achte dlo sachè pou pase swaf yo. Kit li cho oubyen glase, yo oblije pran l paske gen moman ki rive lè w pa jwenn manman se grann ou tete, se sa yon sitwayen k ap viv zòn Lali eksplike nou.

Dlo basen an se yon gwo pwoblèm tou pou anpil moun. Nan zòn Ri Monplezi ki tou prè Kriswa, sitwayen yo koumanse santi rate a menm jan chofè yo santi rate gaz la. Basen yo sanse chèch, kèk kay ki gen rezèv vin oblije kanpe sou vann lan paske yo endesi sou kilè tout bagay ka reprann.

Anpil zòn tou, dlo pa koule nan tiyo yo jan sa te konn abitye ye. Gen moun se lapli yo espere ta tonbe pou ta ranpli afè yo pou kapab fè fas ak pwoblèm dlo sa.

Pwoblèm sa oblije fè anpil moun ak bokit epi galon nan men ap mache pou wè kote yo ka jwenn yon ti gout dlo. Genyen ki pa kache yo oblije bwè ti dlo basen yo te rete pou pase swaf yo.

Koze peyi lòk la toujou poze gwo pwoblèm ak moun nan popilasyon an ki toujou sibi plis, sitou sa ki nan mas pèp la, ki pa gen rezèv men k ap viv sou chak jou ki jou pou l kreye mwayen pou l siviv. Se moun sa yo ki plis frape tou pa koze pa gen dlo, pa ka manje, pa gen lajan.

Depi lendi plizyè sendikalis lanse yon grèv jeneral kont ensekirite ak rate gaz la. Jiskaprezan, mouvman sa byen pran kote tout bagay sanse p ap fonksyone, kapital ayisyèn lan sanble yon vil simityè.

urgent, meurtre, urgence

Dekouvri plis:

Les BROPOSCO invitent Ariel Henry à effectuer les changements nécessaires

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Des gangs armés sèment la panique ce samedi 23 mars dans plusieurs zones dans l’aire métropolitaine de Port-au-Prince....

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Insécurité: panique dans la région métropolitaine de Port-au-Prince, des tirs retentissent partout. Un vent de panique règne depuis...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Urgent: des tirs d’armes automatiques ont retenti dans le quartier de Solino à Port-au-Prince. Depuis lundi dernier des...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Des bandits de Grand Ravine ont tué le policier Anescat Elixon à Carrefour-Feuilles, son cadavre emporté par des...