Connect with us

Hi, what are you looking for?

Non classé

Maladi gal: gouvènman an fè konnen gen klinik mobil ki deplwaye nan anpil komin nan peyi a

Maladi gal gouvènman an fè konnen gen klinik mobil ki deplwaye nan anpil komin nan peyi a

Nan yon kominike biwo kominikasyon Premye Minis la mete deyò, li enfòme popilasyon an gouvènman an deplwaye klinik mobil nan anpil komin ak seksyon kominal ki nan depatman Lwès la, yon fason pou lite kont maladi gal sa.

Sou enstriksyon Premye Minis Joseph Jouthe, ministè sante piblik deplwaye depi yè jedi 28 janvye a kèk klinik mobil nan komin ak seksyon kominal Kafou, Petyonvil, Lagonav, Tigwav ak Akayè pou al lote laswenyay bay moun kap soufri ak maladi sa, daprè sa kominike a rapòte.

Toujou selon menm kominike a, MSPP distribiye deja medikaman bay moun ki gen maladi gal la. Menm kominike sa fè konnen DINEPA ap travay bò kote pa li pou distribiye dlo potab nan komin ak seksyon kominal ki touche yo.

Gen yon kanpay sansibilizason ak enfòmasyon ki deja kòmanse nan zòn ki gen maladi a. Kanpay sa chita sou ijyèn kòporèl, kòman pou itilize dlo potab, enpotans lesiv ak jan pou trete rad ki enfekte yo, daprè sa nou li nan kominike sa.

N ap raple w gratèl la se yon sentom maladi gal la, yo rele l nan langaj medsin “Sarcoptose”. Yon moun ki gen sentom maladi sa (yon moun kap grate san rete) ou pa dwe dòmi sou sa se ale lopital pou ou jwenn bon jan medikaman ak konsèy sou fason pouw pran swen kòw.

Dekouvri plis:

“Travay PNH la t’ap pi efikas si krim yo pat anpil”, deklare DG Léon Charles

Plus de contenu