Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

Malgre kondisyon difisil, Lise Pétion gen 205 lane ap fòme plizyè jenerasyon

Malgre kondisyon difisil, Lise Pétion gen 205 lane ap fòme plizyè jenerasyon

Lise Alexandre Pétion fonde nan lane 1816, enstitisyon sa ki se yon nan pi ansyen anndan peyi a fòme plizyè moun tankou mèt Monferrier Dorval, ansyen prezidan Boniface Alexandre, animatè Miché De Payen, ansyen prezidan François Duvalier ak Jocelerme Privert elatriye.

Lise sa viv anpil peryòd difisil akoz zak banditis anndan katye cho yo

Lise sa ki sitiye l nan Ri Bòjela ak Petyon te toujou ap fè fas ak plizyè difikilte sitou nan peryòd 2003, 2004 yo epi resamman la pandan peryòd katye Bèlè te cho a. Peryòd sa yo konn fè elèv lise sa pran bal, genyen ki pa ka vin lekòl oubyen lise a oblije fèmen pòt li pou lè tout bagay tounen nan kalm oubyen nan nòmal. Dory Paul Julio ki se sansè maten anndan lekòl sa t ap eseye dekri moman twoublan sa yo lise a ak elèv yo konn viv

“An n di epòk 2003, 2004, epòk operasyon Bagdad, nou te gen yon jenerasyon anndan lise a ki te gen anpil elèv ladan l ki te fè pati de operasyon Bagdad la. Pa laswit, lise a t ap pase yon moman ki te trè difisil kote menm moun zòn lan te pè zòn lan kote gen tire ak lapolis, kote nou te genyen 2 elèv ki te viktim, nou te gen yon elèv nan 9èm ane ki te pran 2 bal nan ponyèt, epi te gen yon lòt ti piti ki te pran yon plon gaye bò vant”.

Gen yon epòk, lekòl sa te konn repite lekòl cho, lekòl vakabon. Rezon ki fè anpil moun te bay lise a pote etikèt sa, se paske anpil elèv ladan l te toujou renmen goumen ak lòt lekòl, genyen ki te konn al fè woul Channmas epi san nou p ap bliye lekòl sa te plen moun ki soti sou Bèlè, Lasalin, katye ki repite zòn cho, chaje bandi pou sa ki t ap pase ladan yo epòk manda prezidan Aristide.

Elèv sa yo gen ladan yo ki pa t bon grenn, ki te konn nan move zafè, se rezon sa yo tou te gen yon gwoup anndan lekòl sa ki te rele G8 ki te danje epi soti pou kraze lekòl la

“Se konsa te vin gen yon bagay anndan an yo te rele G8. G8 la ki te anndan lise a gen yon pakèt nèg ki te ladan l tout se nèg ki te deyò ki rantre ki fòme G8 la ki gen yon pakèt nèg lise a ki te nan G8 la. Mwen menm avèk direktè Mathurin avèk estaf nou, nou batay nou derasinen G8 la anndan lise a.

G8 la gen moun tout tandans ladan l, moun Bèlè, moun Lasalin, Gran Ravin te ladan l, moun Kafoufèy, nèg sa yo te soti pou kraze lise a nan men nou, yo fè sa yo vle anndan an, yo soti lè yo vle, yo menm konn vin ak zam”, selon eksplikasyon mesye Dory.

Fas ak tout sitiyasyon sa yo, Lise Alexandre Pétion te gen move repitasyon nan je moun, je lòt elèv nan lòt lekòl. Lise sa epòk sa yo ki te pote inifòm vèt ak blan te konn jwenn tout kalte kritik sitou avèk koze goumen ki te konn genyen avèk kolèj Alpha. Anpil nan liseyen sa yo te toujou sou mache pran lòt lekòl pou fè dyèl, moun ki te konn ap swiv te konn trete yo ti bèt, de seri kalifikatif ki pa t bon pou imaj lise sa ki fòme anpil gwo potorik gason anndan sosyete sa ki deja anpàn moun.

Vizaj Lise Petion vin chanje, elèv yo kòmanse redore blazon lekòl la

Jodi a, rezilta lise Alexandre Pétion kòmanse satisfè anpil moun, plis inisyativ pran ladan l, elèv yo gen nouvo batiman, anpil konpòte yo an bon timoun, li difisil pou w tande elèv sa yo ap goumen oubyen pran lari, si yo pran lari konnen se pou kesyon pa ka jwenn pwofesè. Direktè enstitisyon sa, Nicolas Mathurin t ap eksplike kote van nouvo sa soti

“Premye bagay nou te fè nou diminye efektif lekòl la. Imedyatman efektif lekòl la diminye ou vin gen kapasite kounya ti gwoup elèv ki nan klas ou pou w jere yo paske gen kantite elèv ou bay yon pwofesè nan sal de klas, pwofesè a pa ka fè anyen pou yo”.

Lise Alexandre Petion gen 24 sal, bibliyotèk, laboratwa. Lise a chaje poubèl, pa gen yon kras fatra sou lakou lekòl sa, se pou n di w espas la pwòp, elèv yo chanje konpòtman ak mantalite ki tou pratikman reflete yon ond pozitif sou jan moun wè lise sa.

Epaphras Gibbs ki se yon ansyen elèv lise a ak ansyen anbasadè lise a pou pwomosyon PHARUS 2019-2020 , te ale ranpòte 2 konkou sou non lekòl li, ki se konkou Toast Master ak konkou fab MINUJUSTH te òganize. Viktwa sa te pèmèt mesye Gibbs lave imaj lise a epi fè moun konnen konpòtman yo chanje, gen sèvo anndan lekòl sa. Li pa t kache emosyon li apre viktwa sa

“Mwen te vrèman kontan, direktè a te vrèman kontan, lise a te vrèman kontan, zòn lise a ye a te vrèman kontan pou yo wè yon elèv lise Pétion ale chanpyon yon bagay entènasyonal konsa”.

Plizyè bon temwanyaj sou konpòtman elèv yo

Bon imaj sa lise Alexandre Pétion ap voye depi kèk ane rive sou plizyè moun ki te pwofite temwanye pou di gen chanjman ki fèt. Kèk machann k ap vann lontan devan etablisman sa ki te konn viv lè bagay yo pa t bon pa kache pou di gen chanjman ki fèt

“Se 2 bagay diferan paske se pa fasil w ap wè elèv yo deyò a, avèk direktè Mathurin ki te konn ap veye elèv yo, al chache yo sou channmas, ba yo gwo pinisyon, se pa menm bagay, gen yon lòt chanjman”, daprè sa Dosou, yon machann devan lise a deklare.

Pou anpil elèv anndan lise sa ki santi tou van chanjman sa, yo estime pou l kenbe konsa gen anpil bagay ki sipoze fèt bò kote Leta a tankou sekirite nan katye Bèlè, peye pwofesè pou yo ka vin travay, mete materyèl disponib pou laboratwa a, yo mande kantin, teren pou yo pratike espò. Daprè yo si tout atant sa yo pa ka konble se tankou lave men siye atè ki ta vle di lise a riske tonbe nan menm twou fè nwa li te tonbe yo.

N ap raple w pou 205 lane lise a, anpil aktivite pwograme pou 29 mas k ap vini la nan oditoryòm lan pou make anivèsè sa.

Dekouvri plis:

Football: Melchie Dumornay, classée 5ème meilleure Joueuse du monde

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

En présence des élèves des lycées de Pétion-Ville et de Benoît Batraville, Jerry Tardieu dont le mandat prend fin le deuxième lundi du mois...

Actualités

À moins d’une semaine de l’ouverture des classes, les responsables du Lycée national de Pétion-ville ont procédé ce lundi 2 septembre à la distribution...